< 歷代志下 33 >

1 [默納舍崇拜偶像]默納舍登極時年十二歲,在耶路撒冷作王凡五十五年。
Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem.
2 他行了上主視為惡的事,仿傚上主從以色列子民前驅逐的異民所行的可恥之事。
Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo.
3 他重建了他父親希則克雅所拆毀的高丘,又為巴耳建立了祭壇,製造阿舍辣,叩拜奉事天上的萬象。
Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo.
4 雖然上主曾指著聖殿說過:「我要將我的名永遠立在耶路撒冷,」他仍在上主殿內建立了一些祭壇;
Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.”
5 且在上主殿的兩庭院內,為天上萬象建立了一些祭壇;
Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan de lakou lakay SENYÈ yo.
6 使自己的兒子在本希農山谷中經火,行占卜,邪術,立招魂師和術士;不斷行上主視為惡的事,惹上主發怒。
Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
7 他又在天主殿內立了他所彫製的偶像;雖然論及這殿天主曾對達味和他的兒子撒羅滿說過:「我要在這殿內,和在我由以色列各支派所選出的耶路撒冷城,立我的名,直到永遠。
Li te mete imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan.
8 只要以色列人遵行我藉梅瑟所吩咐他們的一切法律、典章和律例,我不再使他們的腳,離開我賜予你們祖先的土地。」
Mwen p ap retire ankò pye Israël soti nan peyi ke Mwen te chwazi pou papa zansèt nou yo, si sèlman yo va obsève pou fè tout sa ke M te kòmande yo pa tout lalwa, règleman avèk òdonans ki te bay pa Moïse yo.”
9 但默納舍誘惑猶大和耶路撒冷的居民行惡,甚至上主由以色列子民前所消滅的那些民族。[默納舍受罰改過]
Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
10 為此,上主曾警告莫舍納和他的百姓,但是他們不肯聽從。
SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men yo pa t okipe sa menm.
11 因此,上主使亞述王的將官前來攻打他們,用鉤子勾住默納舍,用鎖鏈鎖住,解送到巴比倫。
Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.
12 默納舍在這患難中,呼求了上主他的天主,在他祖先的天主前,大發謙卑,
Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo.
13 哀懇上主,上主便俯允了他的祈求,垂聽了他的哀禱,使他歸回耶路撒冷,恢復了他的王位;默納舍這才知道只有上主是天主。[掃除偶像]
Lè li te priye a Li menm, Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye.
14 此後,默納舍在達味城外另築了一道城牆,西邊由谷內的基紅起,直到魚門,將敖斐耳圍起,且將城牆加建的很高;在猶大各堅城內派有將帥駐守。
Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo.
15 又從上主殿內除去了外神和偶像,將他在上主殿的山上和耶路撒冷所建立的祭壇,都一律拆毀,拋在城外,
Anplis, li te retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la.
16 重修了上主的祭壇,在上面獻和平祭和感恩祭,命令猶大人只奉事上主以色列的天主。
Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la.
17 但是民眾仍然在高丘獻祭,不過只巷上主天主獻祭。[默納舍逝世]
Sepandan, pèp la te toujou fè sakrifis nan lye wo yo, men sèlman a SENYÈ Bondye pa yo a.
18 默納舍其餘的事蹟,以及他巷天主所發的禱詞,並諸先見者奉上主,以色列天主的名對他所說的話,都記載在以色列列王實錄上。
Alò, tout lòt zèv Manassé yo, menm lapriyè li a Bondye pa li a, ak pawòl a divinè yo ki te pale avèk li nan non SENYÈ a, Bondye Israël la, men gade, yo pami achiv a wa Israël yo.
19 他如何祈禱和上主如何應允,他未自卑以前的一切罪惡和不忠,以及他在何處建立高丘,立阿舍辣和彫刻的偶像等事,都記載在諸先見者的言行錄上。
Anplis lapriyè li, jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo.
20 默納舍與他的祖先同眠,葬在他王宮的花園裏;他的兒子阿孟繼位為王。[阿孟登極]
Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
21 阿孟登極時年二十二歲,在耶路撒冷作王二年。
Amon te gen laj a venn-dezan lè l te devni wa, e li te renye dezan Jérusalem.
22 他行了上主視為惡的事,全如同他父親默納舍;向他父親默納舍所彫刻的一切偶像獻祭膜拜,
Li te fè mal nan zye a SENYÈ a tankou Manassé, papa li, te konn fè a, e Amon te fè sakrifis a tout imaj taye ke papa li, Manassé te fè yo, e li te sèvi yo.
23 從沒有像他父親默納舍在上主面前自謙自卑過;阿孟只知罪上加罪。
Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li.
24 為此,他的臣僕共謀造反,在宮中將他殺死。
Anfen, sèvitè li yo te fè konplo kont li, e te mete li a lanmò nan pwòp kay pa li.
25 當地的人民卻將所有反叛阿孟王的人都殺了,立他的兒子約史雅繼位為王。
Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.

< 歷代志下 33 >