< 歷代志下 27 >
1 [約堂為王]約堂登極時年二十五歲,在耶路撒冷作王凡十六年;他的母親名叫耶魯沙,是匝克多的女兒。
Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la.
2 約堂行了上主視為正義的事,完成像他父親所作的一樣,只是沒有進入上主的聖所;但百姓仍然敗壞。
Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.
3 他建築了上主殿宇的上門,在敖斐耳城牆上,也作了許多工程,
Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou miray Ophel la.
4 在猶大山地建築了一些城池,在叢林中也建了一些營寨和堡壘。
Anplis, li te bati vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo.
5 約堂與阿孟子民的君王交戰,戰勝了他們,因此阿孟子民那一年給他進貢:銀子一百「塔冷通,」小麥一萬「苛爾,」大麥一萬「苛爾。」以後第二第三年,阿孟子民仍進了這些貢物。
Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a.
6 約堂因為在上主他的天主前,時常履行正道,所以日漸強盛。
Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a.
7 約堂其餘的事蹟,以及他的戰績和作為,都記載在以色列和猶大列王實錄上。
Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo.
Li te gen venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem.
9 約堂與祖先同眠,葬在達味城;他的兒子阿哈次繼位為王。
Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.