< 歷代志下 10 >

1 [南北分裂]勒哈貝罕去了舍根,因為全以色列人集合在舍根,要立他為王。
Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa.
2 乃巴特的兒子雅絡貝罕,─為躲避撒羅滿王,曾逃往埃及,─一聽見這事,便從埃及回來,
Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte.
3 有人派人去請了他來,他便和全以色列人前來對勒哈貝罕說:
Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di:
4 「你的父親使我們的負擔繁重,現在請你減輕你父親加給我們的苦役喊重軛,我們縩肯服事你! 」
“Papa ou te fè fado nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”
5 他回答他們說:「三天以後,你們再來見我。」人民都走了。
Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.” Konsa, pèp la te ale.
6 勒哈貝罕王同那些在他父親撒羅滿生時作臣僕的老年人商議,問他們說:「你們有什麼主意,叫我好答覆這些人民﹖」
Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”
7 他們回答說:「如果你今日善待這些百姓,使他們心悅,向他們說好話,他們必會常常服事你。」
Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
8 但是,君王竟拒絕老年人給他出的主意,反去同那些與他一同長大,侍立在他面前的少年人商議,
Men li te echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l.
9 問他們說:「這些人民對我說:請你將你父親給我們加給我們的負擔減輕些。你們有什麼主意,好使我答覆他們﹖」
Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”
10 那些與他一同長大的少年人答說:「這些百姓曾對你說:你父親曾加重我們的負擔,請你給我們減輕些。你要這樣回答他們,這樣對他們說:我的小指比我父親的腰還粗;
Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m!
11 我父親曾加給你你們重擔,我更要加重你們的負擔;我父親用鞭子責打你們,我卻要用鐵刺鞭責打你們。」
Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
12 雅洛貝罕和全人民照君王所說「你們第三天再來見我」的話,第三天來見勒哈貝罕王。
Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.”
13 嚴厲答覆了人民;勒哈貝罕王拋棄了老年人的意見,
Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo.
14 依照少年人的主張答覆人民說:「我的父親加重了你們的負擔,我更要加重;我父親用鞭子責打你們,我要用鐵刺鞭責打你們。」
Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”
15 君王始終不肯聽從人民;這種轉變原是出於天主,為實現上主藉史羅人阿希雅論及乃巴特的兒子雅洛貝罕所說的話。
Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.
16 全以色列人見王不肯依從他們,便回覆君王說:「我們與達味有什麼分子﹖我們與葉瑟的兒子毫無關係! 以色列! 回到你的帳幕去! 達味現在你只顧你本家罷! 」於是全以色列人都回了自己的帳幕,
Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
17 只那些住在猶大城內的以色列子民,歸勒哈貝罕統治。
Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo.
18 勒哈貝罕王派遣監管勞役的阿多蘭去見以色列,以色列子民卻用石頭將他砸死;勒哈貝罕王急忙上車,逃回了耶路撒冷。
Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem.
19 這樣,以色列叛離達味王朝,直到現在。
Konsa, Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.

< 歷代志下 10 >