< 歷代志下 1 >

1 [撒羅滿求智慧]達味的兒子撒羅滿漸漸鞏固了自己的王位,上主,他的天主常與他同在,使他非常偉大。
Alò Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.
2 撒羅滿命令全以色列,即千夫長、百夫長、判官,以及全以色列的首領和族長集合,
Salomon te pale a tout Israël, a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo.
3 然後同全會眾往基貝紅高丘去,因為那裏有上主的僕人梅瑟,在曠野裏所做的天主的會幕。
Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan wo plas ki te Gabaon an; paske tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la.
4 但是,天主的約櫃,達味已由克黎雅特耶阿陵運到所預備的地方,因為他在耶路撒冷為約櫃搭了一個帳幕。
Sepandan, David te gen tan mennen fè monte lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem.
5 胡爾的孫子,烏黎的兒子貝匝肋耳所製的銅壇,也在那裏,即在上主的會幕前。撒羅滿與會眾便去求問上主。
Alò, lotèl an bwonz ke Betsaleel, fis a Uri a, te fè a te la devan tabènak SENYÈ a, e Salomon avèk asanble a te chache jwenn li.
6 撒羅滿上到會幕前的銅壇上,在上主面前,獻了一千犧牲,作為全燔祭。
Salomon te monte la devan SENYÈ a kote lotèl an bwonz nan tant asanble a, e li te ofri yon mil ofrann brile sou li.
7 那天夜裏天主顯示給撒羅滿,對他說:「你不拘求什麼,我必要給你! 」
Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.”
8 撒羅滿對天主說:「你曾對我父親達味大施仁慈,使我繼他為王。
Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou te fè m wa nan plas li.
9 上主,天主! 現在唯願你向我父達味應許的話得以實現,因為你已立了我為王,治理一個多如地上塵沙的民族。
Koulye a, O SENYÈ Bondye, Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè.
10 現在,求你賜我智慧和聰明,好使我能在這民族面前出入,因為誰能統治你這樣大的一個民族﹖」
Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”
11 天主對撒羅滿說:「你既有此心願,沒有求富貴、財寶、光榮,也沒有要求你敵人的性命,也沒有要求長壽,只為自己求智慧和聰明,好能治理我的民族,即我使你為王所管理的民族;
Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a,
12 為此,智慧和聰明已賜予了你,但我還願將富貴和光榮賜予你,是你以前的君王從沒有過,你以後也不會再有的。」
sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”
13 以後撒羅滿由基貝紅高丘,由會幕前回了耶路撒冷,治理以色列。撒羅滿的財富
Konsa, Salomon te sòti nan kote wo ki te Gabaon an, li te soti nan tant asanble a, pou rive Jérusalem; e li te renye sou tout Israël.
14 撒羅滿調集了戰車和騎兵,計戰車一千四百輛,騎兵一萬二千名,使他們駐守屯車城,或在耶路撒冷君王左右。
Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem.
15 君王在耶路撒冷積存的金銀多如石塊,香柏木多如平原的桑樹。
Wa a te fè ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan.
16 撒羅滿所養的馬,都是來自慕茲黎和科厄,是君王的商人依照定價由科厄買來的。
Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue.
17 他們由慕茲黎運來的車,每輛值遺六百「協刻耳;」馬,每匹值銀一百五十「協刻耳。」同樣,赫特諸王和阿蘭諸無所有的車馬,也都是經這些商人的手運來的。[建殿的準備]
Yo te enpòte cha yo soti an Égypte pou sis-san sik ajan chak, cheval yo pou san-senkant chak, e pa menm mwayen an, yo te fè distribisyon a tout wa Etyen yo avèk wa Siryen yo.

< 歷代志下 1 >