< 撒母耳記上 5 >

1 培肋舍特人劫走了天主的約櫃,從厄本厄則爾運到阿市多得,
Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive Asdod.
2 把天主的約櫃抬到達貢廟內,放在達貢近旁。
Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon.
3 第二天清早,阿市多得人起來,見達貢傾倒了,在上主的約櫃面前,俯伏在地;他們把達貢豎起安置在原處。
Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò.
4 但第二天清早人們起來,見達貢又傾倒了,仍在上主的約櫃面前,俯伏在地,達貢的頭和雙手都斷在門檻上,只留下了他的魚身。──
Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li.
5 因此,達貢的司祭和進達貢廟的人,都不敢踏阿市多得的廟的門檻,直到今天。
Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm foule pye yo nan papòt Dagon an.
6 上主的手重重地壓制了阿市多得人,威嚇他們,使阿市多得和附近的人都生了毒瘡。
Alò men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni teritwa li yo.
7 阿市多得人一見這樣,就說:「別讓以色列天主的約櫃留在我們這裏,因他的手重重地壓制了我們的神達貢。」
Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.”
8 遂打發人召集了培肋舍特人所有的酋長來到他們那裏,向他們說:「對以色列天主的約櫃我們該怎麼辦﹖」他們就回答說:「把以色列天主的約櫃送到加特去! 」他們遂把以色列天主的約櫃送到加特去了。
Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?” Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive.
9 他們把約櫃送去以後,上主的手又壓制那座城,使他們發生了很大的恐慌,因為上主打擊了城中的人,無論老幼,都患了毒瘡。
Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton yo te vin pete sou yo.
10 於是加特人又把天主的約櫃送到厄刻龍;天主的約櫃一到了厄刻龍,厄刻龍人就喊說:「人把以色列天主的約櫃送到我們這裏,是為殺害我們和我們的百姓! 」
Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron. Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.”
11 遂立刻派人召集培肋舍特所有的酋長來,向他們說,「你們把以色列天主的約櫃送走,送回原處,免得殺害我們和我們的百姓。」因為全城的人死的太多了,天主的手重重地壓制了那地方。
Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a.
12 凡沒有死的人,都患了毒瘡,因此城中哀號之聲,上達於天。
Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la.

< 撒母耳記上 5 >