< 撒母耳記上 20 >

1 達味由辣瑪納逃走,去見約納堂說:「我作了什麼,有什麼過錯,哪裏得了你父親,他竟要害我的性命﹖」
Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”
2 約納堂回答他說:「決沒有這回事,你決死不了。看,我父親無論作什麼大事小事,沒有不告訴我的;為什麼我父親偏要對我隱瞞這事呢﹖決不會的! 」
Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”
3 達味卻對他說:「你父親明知我在你眼裏得寵,所以他想:不要要約納堂知道這事,免得他悲傷。總之,我指著永生的上主敢在你面前發誓:我與死之間只差一步! 」
Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”
4 約納堂對達味說:「你願意我為你作什麼﹖」
Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”
5 達味回答約納堂說:「看,明天是月朔,我原該和君王同席吃飯,但你讓我走,藏在田野間,直到第三丌晚上。
Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou.
6 如果你父親發覺我不在,你應說:達味懇求我,讓他逃回白冷本城,因為在那裏全族舉行年祭。
Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’
7 他若說:好! 你的僕人就平安無事;他若勃然大怒,你就該知道:他已決意行惡。
Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la.
8 望你仁慈對待你僕人! 因你使你因上主的名與你訂了盟約;假若我有罪惡,你可殺我,為何偏要將我交給你父親呢﹖」
Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”
9 約納堂答說:「千萬別這樣想! 如果我確實知道,我父親決意要加害你,豈有不告訴你的嗎﹖」
Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”
10 達味就問約納堂說:「若你父親嚴厲答覆你,誰來通知我﹖」
Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”
11 約納堂對達味說:「來,我們往田間去」。二人就往田間去了。
Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an.
12 約納堂對達味說:「上主,以色列的天主作證:明天或天這時候,我探得了我父親的意思,對達味有或否,我必派人來告訴你。
Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa?
13 倘若我父親願意加害你,我若不通知你,不放你走,使你平安離去,願上主這樣這樣加倍罰我約納堂! 願上主與你同在,有如曾與我父親同在一樣!
Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan.
14 若我那時尚在人世,願你對我表示上主的仁慈;設若我死了,
Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri?
15 願你不要由我家永遠撤消你的仁慈! 連當上主由地面上一一剷除達味的敵人時;
Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.”
16 若約納堂的名字被達味家族消滅了,願上主藉達味的仇人的手追究此案! 」
Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.”
17 約納堂由於愛達味,再向他起了誓,因為他愛達味如愛自己的性命。
Jonathan te fè David fè ve a ankò akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li.
18 約納堂又對他說:「明日是月朔,因為占座位空著,人必注意你不在,
Alò, Jonathan te di li: “Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid
19 到第三天,人必更注意你不在;那麼,你要到你曾出事那日藏身的地方去,坐在那石堆旁邊。
Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la.
20 到第三天,我要向石堆射箭,仿佛射靶。
Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè.
21 看,我必打發一童僕去找箭,假如我我對童說:看,箭在你後面,拾回來吧! 你就可以出來,我指著永生的上主起誓:你必平安無事。
Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la.
22 倘若我對童僕自己說:看,箭在你前面。你就走吧! 因為上主打發你走。
Men si mwen di ti gason an: ‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale.
23 至於我和你現今所說的這話,有上主在我和你中間,永遠作證」。
Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”
24 於是達味就去藏在田野間;到了月朔,君王入席吃飯。
Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje.
25 君王照例靠著牆坐在自己的位上,約納堂坐在他對面,阿貝乃爾坐在撒烏耳旁邊,達味的地方空著。
Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men plas David la te vid.
26 撒烏耳那天沒有說什麼,因為他想事情出於偶然,或許他染了不潔,還沒有自潔。
Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon malè ki rive e li vin pa pwòp. Asireman, li pa pwòp.”
27 日,即初二日,達味的座位仍空著,撒烏耳就對兒子約納堂說:「為什麼葉瑟的兒子昨日沒有來赴宴,今日又沒有來﹖」
Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”
28 約納堂答覆撒烏耳說:「達味懇求我許他往白冷去。
Alò, Jonathan te reponn Saül: “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem,
29 他說:求你讓我去,因為在城裏我們要舉行族祭,我的兄弟定要我去;所以,假若我在你眼中獲寵,求你讓我去,容我得見我的兄弟;為此,他沒有來赴君王的筳席」。
paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou, souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.”
30 撒烏耳對約納堂勃然大怒,對他說:「娼婦的兒子! 豈能我不知道你同葉瑟的兒子一夥,甚至羞辱你自己,又我羞辱你母親的私處嗎﹖
Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou.
31 你要知道,葉瑟的兒子活在世上一天,你連你的王位都不得穩當! 如今你差人去,把他給我抓來,因為他是該死的人」。
Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske fòk li mouri.”
32 約納堂回答他父親撒烏耳說:「為什麼他該死﹖他作了什麼事﹖」
Men Jonathan te reponn Saül, papa li: “Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”
33 撒烏耳就舉起槍來要刺死他,約納堂便明白他父親已決意要殺達味。
Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò.
34 約納堂就起來,氣憤憤地離開了筳席;初二那天,也沒有吃飯,因為他為達味擔憂,又因為他父親辱罵了自己。
Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.
35 次日清晨,約納堂按照他與達味的約會,往田間去了;有個童僕跟隨著他。
Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la, e yon ti gason te avè l.
36 他對那童僕說:「跑去,找所放的箭! 」童僕往前跑時,他又向前放了一箭。
Li te di a jennonm nan: “Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li.
37 當僮僕來到約納堂所射到的地方,約納堂就在僮後面喊說:「箭不是在你前面嗎﹖」
Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: “Èske flèch la pa pi lwen ou?”
38 約納堂又在僮僕後面喊說:「趕快跑去,不要站住! 」約納堂的僮僕就拾了箭,給主人拿來。
Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li.
39 那僮僕卻不知道是意思,只有約納堂和達味知道。
Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a.
40 然後約納堂把自己的武器交給他的僕僮,向他說:「帶回城去吧! 」
Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.”
41 僮僕走後,達味就為不堆旁起來,俯伏在地,拜了三拜;以後他們彼此相吻,二人相抱對泣,達味哭得更甚。
Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.
42 最後,約納堂對達味說:「你平安去吧! 照我們兩人以上主的名所起的誓:願上主永遠在我和你之間,在我的後代與你的後代之間! 」 達味就動身走了,約納堂也回到城裏﹖
Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: ‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.

< 撒母耳記上 20 >