< 列王紀上 9 >

1 [上主再次顯現]撒羅滿建造完了上主的殿、王宮和他所喜歡建造的一切建築物以後,
Alò, li te vin rive ke lè Salomon te fin bati kay SENYÈ a, ak kay wa a ak tout sa ke Salomon te vle fè,
2 上主第二次顯現給撒羅滿,像在基貝紅顯現給他一樣。
SENYÈ a te parèt a Salomon yon dezyèm fwa, jan Li te parèt kote li nan Gabaon an.
3 上主對他說:「我已應允了你在我面前所行的祈禱和哀求,我也祝聖了你所建築的這殿,將我的名永遠安放在那裏,我的眼和我的心,也將時常留在那裏。
SENYÈ a te di li: “Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt.
4 至於你,如果你在我面前行走,像你父親達味那樣行走,心地純樸,公正無私,遵守我所吩咐你的一切,恪守我的法律和點章,
E selon ou menm, si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo,
5 我必永遠鞏固你在以色列中的王位,照我應許你父親達味所說:你的子孫中,決不缺人坐上以色列的寶座。
alò, Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’
6 但是,如果你們或你們的子孫遠離我,不遵守我給你們頒賜的誡命和律例,而去服侍敬拜別的神,
Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo,
7 我必要將以色列從我賜給他們的地面上除掉,而我為我的名所祝聖的這殿,我也必要棄之不顧,使以色列成為萬民中的話柄和笑談,
alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo.
8 這殿要成為廢墟,凡從這裏經過的人,都要驚愕嗟歎說:上主為什麼這樣對待了這地和這殿﹖
Epi kay sila a va devni yon pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a?
9 人必回答說:是因為他們離棄了領他們祖先出離埃及的上主,他們的天主,而歸依、崇拜、服侍了別的神,為此,上主使這一切災禍臨到他們的身上。」撒羅滿與希蘭的交易
Epi konsa yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’”
10 撒羅滿費時二十年,纔完成了那兩大殿宇:即上主的殿宇和君王的宮殿。
Li te vin rive vè fen ventan ke Salomon t ap bati de kay yo, kay SENYÈ a ak kay wa a,
11 其間提洛王希蘭曾依照撒羅滿的要求,供給了他香柏木、柏木和黃金。此時撒羅滿王便將加里肋亞境內二十座城,送給了希蘭。
(Hiram, wa Tyr la te founi Salomon avèk bwa sèd ak bwa pichpen avèk lò, selon sa ke li te vle a), alò, Wa Salomon te bay Hiram ven vil nan peyi Galilée.
12 希蘭從提洛前來,觀看撒羅滿送給他的城,一見就不滿意,
Konsa, Hiram te sòti Tyr pou vin wè vil ke Salomon te ba li yo, e yo pa t fè l kontan.
13 說「吾兄,你送給我的這些城,是什麼城﹖」因此直到今日,這些城仍稱為加步耳地。
Li te di: “Ki vil sa yo ke ou te ban mwen yo, frè mwen?” Pou rezon sa a, yo te ba yo non a peyi a Cabul menm rive jis jodi a.
14 希蘭原送給了撒羅滿王一百二十「塔冷通」黃金。建城造船
Epi Hiram te voye a wa a san ven talan lò.
15 此段記載撒羅滿徵夫服役,建造上主的殿、王宮、米羅、耶路撒冷的城牆、哈祚爾、默基多、革則爾、【
Alò, sa se istwa a travay kòve ke Wa Salomon te fè leve pou bati kay SENYÈ a, lakay pa li a, ak Sitadèl Millo a, miray Jérusalem nan, Hatsor, Méguiddo ak Guézer.
16 以前,埃及王法郎曾上來,攻取了革則爾,放火燒城,屠殺了城裏的客納罕人,將這城賜給了自己的女兒,撒羅滿的妻子,作為妝奩。
Paske Farawon, wa Égypte la te monte, kaptire Guézer. Li te brile li avèk dife, e li te touye Kananeyen ki te rete nan vil yo. Epi li te ba li kòm dwa maryaj fi li a, madanm a Salomon.
17 為此撒羅滿重修了革則爾。】下貝特曷龍、
Konsa, Salomon te rebati Guézer, e piba Beth-Horon,
18 巴拉特和境內靠近曠野的塔瑪爾、
epi Balath avèk Tamar nan dezè a, nan peyi Juda,
19 撒羅滿所有的貯貨城、屯車城和養馬城,以及撒羅滿在耶路撒冷,在黎巴嫩,在他管轄的各地內,喜歡建造的一切建築物。
ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, menm vil pou cha li ak vil pou chevalye pa li yo avèk tout sa ki te fè Salomon plezi pou bati Jérusalem, nan Liban ak nan tout teritwa a anba règ pa li.
20 至於不屬於以色列子民的阿摩黎人、赫特人、培黎齊人、希威人和耶步斯人的遺族,
Tout pèp ki te retay Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, Jebizyen yo, ki pa t nan fis Israël yo—
21 就是以色列人子民未能消滅而留在地方上的外族子孫,撒羅滿都徵來充作苦役,直到今天。
ak desandan yo ki te swiv yo, nan peyi ke fis Israël yo pa t kapab fin detwi nèt—soti nan yo, Salomon te leve ouvriye kòve yo, menm jiska jodi a.
22 至於以色列子民,他不令他們作苦役,只叫他們服兵役,作朝臣、將帥、軍官、戰車長和騎兵長。
Men Salomon pa t fè esklav yo pami fis Israël yo, paske yo te sèvi kòm mesye lagè yo, sèvitè li yo, prens li yo, kapitèn li yo, kòmandan a cha li yo, avèk chevalye li yo.
23 管理撒羅滿工程的主任官員,計有五百五十人,他們負責監督作工的人。
Sila yo se te chèf ofisye ki te sou zèv Salomon yo; senk-san-senkant ki te chèf sou moun ki te fè travay la yo.
24 法郎的女兒從達味城,搬進撒羅滿為她建造的宮室之後,撒羅滿纔開始建造米羅。
Men fi Farawon an te monte soti nan vil David la pou rive nan kay ki te bati pou li a. Epi konsa, Salomon te bati Sitadèl Millo a.
25 撒羅滿每年三次在他建的祭壇上,向上主奉獻全燔祭與和平祭,在上主面前的香壇上焚香;又常修理聖殿。
Alò, twa fwa pa ane, Salomon te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè sou lotèl ke li te bati bay SENYÈ a. Li te brile lansan sou yo, sou lotèl ki te devan SENYÈ a. Konsa, li te fini kay la.
26 此後,撒羅滿王又在厄東城,紅海之濱,靠近厄拉特的厄茲雍革貝爾建造船隻。
Wa Salomon osi te bati yon kantite gwo bato nan Etsjon-Guéber, ki te toupre Éloth arebò Lamè Wouj la, nan peyi Édom an.
27 希蘭派遣自己的臣僕,善於航海的船員,與撒羅滿的僕人同船航行,
Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo.
28 去了敖非爾,從那裏裝載了四百二十「塔冷通」黃金,運到撒羅滿王那裏。
Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.

< 列王紀上 9 >