< 列王紀上 4 >

1 [撒羅滿的朝臣]撒羅滿王作王統治全以色列。
Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël.
2 以下是他所有的官吏﹕匝多克的兒子阿匝黎雅作大司祭,
Sila yo se te ofisye pa li yo: Azaria, fis a Tsadok a, prèt la;
3 史沙的兩個兒子厄里曷勒夫和阿希雅作書記,阿希路得的兒子約沙特作御史,
Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; Josaphat, fis a Achilud la, grefye;
4 約雅達的兒子貝納雅統率軍隊,【匝多克和厄貝雅塔爾為司祭,】
epi Benaja, fis a Jehojada a te sou lame a; epi Tsadok avèk Abiathar te prèt;
5 納堂的兒子阿匝黎雅為太守之長,納堂的兒子匝步得為君王的朋友,
Azaria, fis a Nathan an te sou depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a;
6 阿希沙爾為家宰,阿貝達的兒子阿多尼蘭管理苦役。十二太守
epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo.
7 撒羅滿另立了十二太守管理全以色列,供應君王和王室的食糧;一年之中每人供應一個月。
Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane.
8 他們的名字如下﹕胡爾的兒子.....管理厄弗辣因山地;
Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.
9 德刻爾的兒子...管理瑪卡茲、沙耳賓、貝特舍默士、阿雅隆及貝特哈南;
Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan.
10 赫達布的兒子...管理阿魯波特、索苛及赫斐爾全地;
Ben-Hésed nan Arubboth (Soco te pou li avèk tout teritwa Hépher);
11 阿彼納達布的兒子...管理多爾全境,他娶了撒落滿的女兒塔法特為妻;
Ben-Abinadab nan wotè kote Dor a (Thaphath, fi a Salomon an te madanm li).
12 阿希路得的兒子巴阿納,管理塔納客、默基多直到約刻默罕外,以及位於依次勒耳下邊的全貝特商,曾貝特商直到靠近匝爾堂的阿貝耳默曷拉;
Baana, fis a Achilud la, nan Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean.
13 革貝爾的兒子...管理辣摩特基肋阿得,和在基肋阿得地的默納協的兒子雅依爾的鄉村;在巴商阿爾哥布地,所有的六十座設有城牆和銅閂的大城市,也歸他管理;
Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li);
14 依多的兒子阿希納達布管理瑪哈納殷;
Achinadab, fis a Iddo a nan Mahanaïm;
15 阿希瑪茲管理納斐塔里,他也娶了撒羅滿的女兒巴色瑪特為妻;
Achimaats, nan Nephtali. (Li osi te marye avèk Basmath, fi a Salomon an);
16 胡瑟的兒子巴阿納管理阿協爾和則步隆;
Banna, fis a Huschaï a nan Aser avèk Bealoth;
17 帕魯亞的兒童約沙特管理依撒加爾;
Josaphat, fis a Parauch la nan Issacar;
18 厄拉的兒子史米管理本雅明;
Schimeï, fis a Éla a, nan Benjamin;
19 烏黎的兒子革貝爾管理加得,即昔日屬阿摩黎王息紅和巴商王敖格的地區。猶大地區另派太守管理。
Guéber, fis a Uri a, nan peyi Galaad la, nan ansyen peyi a Sihon, wa Amoreyen yo ak Og, wa Basan an; epi li te sèl depite nan tout zòn sila a.
20 當時猶大和以色列人數,像海邊的沙粒那麼多;他們有吃有喝,非常快樂。
Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi.
21 [撒羅滿的富貴]由大河直至培肋舍特人地和埃及邊界諸王國,都在撒羅滿統治下;撒羅滿一生歲月中,這些王國都向他進貢,表示臣服。
Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo.
22 撒羅滿每月所用的食品﹕細麵十「苛爾,」粗麵六十「苛爾;」
Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin,
23 肥牛十隻,牧放的牛二十隻,羊一百隻;此外還有鹿、羚羊、麃子和肥禽。
dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra.
24 因為他統治大河西岸全境,從提斐撒到迦薩,大河西岸諸王都屬他權下,於是四鄰邊境都相安無事。
Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo.
25 撒羅滿一生歲月中,從丹到貝爾舍巴的猶大和以色列人,都各安居在自己的葡萄樹和無花果樹下。
Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo.
26 撒羅滿有四千廄套車的馬,並有一萬二千匹坐騎。
Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye.
27 那些太守每人各按自己的月份,供應撒羅滿王和所有赴撒羅滿王宴席的人,而一無所缺。
Depite yo te founi pou Wa Salomon avèk tout sila ki te vini sou tab a Wa Salomon yo, yo chak pandan mwa pa yo. Yo pa t kite li manke anyen.
28 每人各按所受的命令,將飼養戰馬及駿馬的大麥和草料,送到所指定的地方。撒羅滿的智慧
Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo.
29 天主賜給了撒羅滿絕大的智慧和聰明,心胸寬大,有如海邊的沙灘。
Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè.
30 撒羅滿的智慧超過所有東方人和埃及人的一切智慧。
Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la.
31 他比所有的人更有智慧﹕比則辣黑人厄堂,比瑪曷耳的兒子赫曼、加耳苛耳和達爾達都更有智慧﹔他的聲譽傳遍周圍列國。
Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo.
32 他說過三千句箴言,作的詩歌有一千五百首。
Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk.
33 他講論過草木,從黎巴嫩山上長的香柏,到牆上寄生的牛膝草﹔也講論過走獸和飛禽,爬蟲和魚類。
Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason.
34 為此,萬民和各國的君王,凡聽說撒羅滿智慧的,都來聽他的智慧。準備建築聖殿
Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.

< 列王紀上 4 >