< 列王紀上 3 >

1 [撒羅滿與外族結親]撒羅滿與埃及王法郎結親,娶了法郎的公主,接她住在達味城,直等到他建完了自己的宮殿、上主的殿及耶路撒冷四周圍的城垣。
Apre, Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan.
2 百姓仍然在高丘上獻祭,因為直到那時,還沒有為上主的名建造殿宇。
Menpèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo.
3 撒羅滿愛慕上主,遵行他父親達味的律例,只是仍在高丘上獻祭焚香。上主顯現給撒羅滿
Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo.
4 撒羅滿王去了基貝紅,為在那裏獻祭,因為那是一個最廣大的高丘。撒羅滿在那裏的祭壇上奉獻了一千全燔祭。
Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a.
5 撒羅滿在基貝紅時,夜間上主藉著夢顯現給他;天主對他說﹕「你不拘求什麼,我必給你。」
Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: “Mande sa ou pito e m ap ba ou li.”
6 撒羅滿說﹕「你的僕人,我的父親達味曾以虔誠、公義及正直的心與你同行,你曾向他表示了偉大的恩德,又為給他保持這偉大的恩德,賜給了他一個兒子,坐在他的寶座上,如同今天一樣。
Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.
7 上主,我的天主,現在你使你的僕人替代我父親達味為王,但我還太年輕,不知道如何處理國事。
Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti.
8 你的僕人是住在你所選的民族中間,這是一個多得不可統計,不可勝數的大民族。
Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte.
9 為此,求你賜給你的僕人一顆慧心,可統治你的百姓,判斷善惡;否則,誰能統治你這樣眾多的人民呢﹖」
Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
10 因為撒羅滿求了這件事,獲得了上主的歡心。
Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a.
11 天主於是對他說﹕「因為你求了這件事,而沒有為你自己求長壽,也沒有為你自己求富貴,也沒有要求你敵人的性命,單單為你自己求了智慧,為能辨明正義。
Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis,
12 我必照你的話作,賞賜你一顆聰明智慧的心,在你以前沒有像你的人,在你以後,也不會興起一個像你的人。
vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.
13 你沒有要求的榮華富貴,我也賞賜你,使你在列王中,一生沒有可與你相比的。
Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo.
14 如果你履行我的道路,恪守我的法律和我的命令,一如你父親達味所行的,我必要延長你的壽命。」
Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”
15 撒羅滿醒來,纔知道原是一夢;以後他回了耶路撒冷,立在上主的約櫃前,奉獻了全燔祭與和平祭,設宴款待了自己所有的臣僕。撒羅滿斷獄如神
Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.
16 有一天,有兩個妓女來見君王,立在君王面前。
Alò, de fanm ki te pwostitiye te parèt kote wa a, e yo te kanpe devan l.
17 一個女人說﹕「我主,我和這個女人同住一房,在這房裏,我靠著她生了一個孩子。
Youn nan fanm yo te di: “O mèt mwen, fanm sila avèk mwen menm rete nan menm kay. Mwen te fè yon pitit pandan li te nan kay la.
18 我生產後第三天,這個女子也生了一個孩子。我們住在一起,在這房裏,除我們二人外,再沒有別人住在這房裏。
Li te vin rive nan twazyèm jou ke m te fin akouche a, ke fanm sila a te fè yon pitit tou. Se te nou de sèl ansanm ke nou te ye.
19 有一夜,這個女子的兒子死了,是因為她睡覺壓死的。
Pitit a fanm sa a te mouri nan lannwit akoz li te kouche sou li.
20 她半夜起來,趁你婢女熟睡時,從我身邊抱去我的兒子,放在她懷裡,把她死了的兒子,放在我懷裡。
Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen.
21 當我清早起來,給孩子餵奶時,發覺孩子死了;及至天亮,我仔細一看,發覺他不是我親生的兒子。」
Lè m te leve nan maten pou fè pitit la pran tete, men vwala, li te mouri. Men lè m te gade li byen nan maten, gade byen, se pa pitit mwen an ke m fenk fin akouche a li te ye.”
22 另一個女人說﹕「不是的,活的是我的兒子,死的是你的兒子。」這個女人說﹕「不是的,死的是你的兒子,活的是我的兒子。」她們倆就這樣在君王面前爭論不休。
Alò, lòt fanm nan te di: “Non! Paske sila ki vivan an se fis mwen e sila ki mouri an se pitit pa w la.” Men premye fanm nan te di: “Non! Paske sila ki mouri an se fis pa w la e vivan an se pitit pa m nan.” Konsa, yo te pale devan wa a.
23 君王說﹕「這一個說﹕活的是我的兒子,死的是你的兒子;那一個說﹕不是的,死的是你的兒子,活的是我的兒子。」
Konsa, wa a te di: “Youn di: ‘Sa se fis mwen k ap viv la e pitit pa w la se sila ki mouri an;’ epi lòt la di: ‘Non! Paske fis pa w la se sila ki mouri an e se pitit mwen an ki viv la.’”
24 君王吩咐說﹕「給我拿把刀來! 」人就給君王拿來了一把刀。
Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a.
25 君王遂下令說﹕「把那活孩子劈成兩半﹕一半給這一個,一半給那一個。」
Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.”
26 那活孩子的母親因為愛子心切,就對君王說﹕「我主,請把活孩子給那女人罷! 千萬不要殺他! 」那個女人說﹕「劈開罷! 這孩子不歸我,也不歸你! 」
Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.” Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!”
27 君王於是宣判說﹕「將活孩子給這個女人,不要殺他。這個女人實在是他的母親! 」
Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.”
28 全以色列人聽了君王所斷的案件,便都尊敬君王,因為他們見他斷案時,具有天主的智慧。
Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.

< 列王紀上 3 >