< 列王紀上 15 >
1 [阿彼雅為猶大王]乃巴特的兒子雅洛貝罕王十八年,阿彼雅登極作猶大王,
Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida.
2 在耶路撒冷作王三年;他母親名叫瑪阿加,是阿貝沙隆的外孫女。
Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l' te rele Maka, se te pitit fi Absalon.
3 阿彼雅作了他父親在他以前所行的一切邪惡;他的心對上主他的天主,不像他祖父達味的那樣誠實。
Abijam te lage kò l' nan fè menm bagay ak papa l'. Li pa t' sèvi Seyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè.
4 但是,上主他的天主,為了達味的緣故,仍使他在耶路撒冷,有一盞燈,立他的兒子接他的位,並保全耶路撒冷,
Men poutèt David, Seyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe.
5 因為達味除了赫特人烏黎雅那件事以外,常行了上主視為正義的事,一生歲月從未違背上主所吩咐他的一切。
Seyè a te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Seyè a. Pandan tout lavi li, li pa t' janm dezobeyi ankenn lòd Seyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la.
Pandan tout rèy Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram.
7 阿彼雅其餘的事蹟,他的一切作為,都記載在猶大列王實錄上。阿彼雅與雅洛貝罕之間,常發生戰事。
Toutan te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram. Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
8 阿彼雅與列祖同眠,葬在達味城;他的兒子阿撒繼位為王。阿撒為猶大王
Lè Abijam mouri, yo antere l' nan lavil David la, Se Asa, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li.
Wa Jewoboram t'ap mache sou ventan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida.
10 在耶路撒冷作王四十一年;他的祖母名叫瑪阿加,是阿貝沙隆的外孫女。
Li gouvènen pandan karanteyennan lavil Jerizalèm. Maka, pitit fi Absalon an, te grann li.
11 阿撒行了上主視為正直的事,像他的祖父達味一樣。
Asa te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou David, zansèt li.
12 他將為神賣淫的男女由國內除掉,徹去了他祖先所立的一切偶像,
Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè.
13 並廢除了他祖母瑪阿加作太后的權位,因為她給阿舍辣立了可憎惡的柱像;阿撒把她所立的像砍倒,在克德龍谷焚毀。
Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an.
14 只有丘壇沒有廢除;不過阿撒的心一生全屬上主。
Malgre li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, limenm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan tout lavi li.
15 阿撒將他父親所獻的,和他自己所獻的金銀和器皿,都送入上主的殿內。
Li mete nan Tanp lan tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay an lò ak an ajan limenm li te bay pou Bondye.
Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl.
17 以色列王巴厄沙上來進攻猶大,並在辣瑪修築工事,防止人民同猶大王阿撒來往。
wa Bacha anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun pase antre soti nan peyi Jida.
18 那時,阿撒將上主殿內和王宮內寶庫中所剩餘的金銀取出,交給他的臣僕,打發他們去見住在大馬士革的阿蘭王,赫則雍的孫子,塔貝黎孟的兒子本哈達得說:「
Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a:
19 我與你之間,我父親與你父親之間都立過約;現在我給你送來金銀作為禮品,請你廢除你與以色列王巴厄沙所立的約,使他遠離我! 」
-Annou pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, konsa la blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.
20 本哈達得聽了阿撒王的話,即刻派自己的軍長去攻打以色列的城市,攻下了依雍、丹、阿貝耳貝瑪阿加、基乃勒特全境和納裴塔里全境。
wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-bèt Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a.
21 巴厄沙一聽說這事,就停止在辣瑪的工事,回到了提爾匝。
Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda ki te plen lavil Rama a, l' ale lavil Tizra.
22 於是阿撒王召集全猶大人民,一個也不例外,吩咐他們將巴厄沙修築辣瑪所用的石頭和木料運走;阿撒王用來修建本雅明的革巴和米茲帕。
Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo.
23 阿撒其餘的事蹟,關於他的一切偉業和作為,並建造的城防,都記載在猶大列王實錄上。他年老時,患了足疾。
Tout lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l' konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim.
24 阿撒與列祖同眠,與列祖同葬在他祖父達味城內;他的兒子約沙法特繼位為王。納達布為以色列王
Lè Asa mouri, yo antere l' nan tonm fanmi li nan lavil David la. Se Jozafa, pitit li, ki moute sou fotèy la nan plas li.
25 猶大王阿撒二年,雅洛貝罕的兒子納達布登極作以色列王。他二年作以色列王,
Wa Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase.
26 行了上主視為惡的事,走了他父親的路,犯了他父親使以色列陷於罪惡的罪。
Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l', li pa t' mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
27 依撒加爾家族,阿希雅的兒子巴厄沙結黨背叛了他,在屬於培肋舍特人的基貝通將他殺死,那時納達布和全以色列人正在圍攻基貝通。
Bacha, pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab.
28 猶大王阿撒三年,巴厄沙殺了納達布,篡了他的王位。
Sa rive nan twazyèm lanne rèy wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab.
29 他登極後,立即殺了亞洛貝罕全家;凡屬於雅洛貝罕家中的人,沒有留下一個,都殺絕了:這正應了上主藉他僕人使羅人阿希雅所說的話。
Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape.
30 這是因為亞洛貝罕自己犯的罪和他使以色列犯的罪,激怒了上主,以色列的天主。
Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li.
31 納達布其餘的事蹟,他的一切作為,都記載在以色列列王實錄上。
Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
32 【阿撒與以色列王巴厄沙之間常發生戰事。】巴厄沙為以色列王
Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t'ap gouvènen, chak moun bò pa yo.
33 猶大王阿撒三年,阿希雅的兒子巴厄沙在提爾匝登極,作全以色列王,在位凡二十四年。
Wa Asa t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl.
34 他行了上主視為惡的事,走了雅洛貝罕所走的路,犯了使以色列陷於罪惡的事。
Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.