< 約翰一書 2 >

1 我的孩子們,我給你們寫這些事,是為叫你們不犯罪;但是,誰若犯了罪,我們在父那裏有正義的耶穌基督作護慰者。
Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa la, Jésus Kri sila ki dwat.
2 他自己就是贖罪祭,贖我們的罪過,不但贖我們的,而且也贖全世界的罪過。
Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa la pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
3 如果我們遵守他的命令,由此便知道我們認識他。
Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo.
4 那說「我認識他,」而不遵守他命令的,是撒謊的人,在他內沒有真理。
Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.
5 但是,誰若遵守他的話,天主的愛在他內纔得以圓滿;由此我們也知道,我們是在他內。
Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li:
6 那說自己住在他內的,就應當照那一位所行的去行。
Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
7 可愛的諸位,我給你們寫的,不是一條新命令,而是你們從起初領受的舊命令:這舊命令就是你們所聽的道理。
Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen depi kòmansman a. Lansyen kòmandman a se pawòl a ke nou te tande depi kòmansman an.
8 另一方面說,我給你們寫的也是一條新命令--就是在他和你們身上成為事實的--因為黑暗正在消逝,真光已在照耀。
Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki se vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè la ap briye deja.
9 誰說自己在光中,而惱恨自己的弟兄,他至今仍是在黑暗中。
Sila ki di ke li nan limyè la, men rayi frè l se nan tenèb la jiska prezan.
10 凡愛自己弟兄的,就是存留在光中,對於他就沒有任何絆腳石;
Sila ki renmen frè li se nan limyè la, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li.
11 但是惱恨自己弟兄的,就是在黑暗中,且在黑暗中行走,不知道自己往那裏去,因為黑暗弄瞎了他的眼睛。
Men sila ki rayi frè li se nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap w ale, paske tenèb la fin fè l avèg.
12 孩子們,我給你們寫說:因他的名字,你們的罪已獲得赦免。
M ap ekri nou, ti moun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li.
13 父老們,我給你們寫說:你們已認識了從起初就有的那一位。青年們,我給你們寫說:你們已得勝了那惡者。
M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske nou te vin gen viktwa la sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a.
14 小孩子們,我給你們寫過:你們已認識了父。父老們,我給你們寫過:你們已認識了從起初就有的那一位。青年們,我給你們寫過:你們是強壯的,天主的話存留在你們內,你們也得勝了那惡者。
Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.
15 你們不要愛世界,也不要愛世界上的事;誰若愛世界,天父的愛就不在他內。
Pa renmen lemonn an, ni bagay yo ki nan lemonn an. Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li.
16 原來世界上的一切:肉身的貪慾,眼目的貪慾,以及人生的驕奢,都不是出於父,而是出於世界。
Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.
17 這世界和它的貪慾都要過去;但那履行天主旨意的,卻永遠存在。 (aiōn g165)
Men lemonn an disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen. (aiōn g165)
18 小孩子們,現在是最末的時期了!就如你們聽說過假基督要來,如今已經出了許多假基督,由此我們就知道現在是最末的時期了。
Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke antikris la ap vini menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè.
19 他們是出於我們中的,但不是屬於我們的,因為,如果是屬於我們的,必存留在我們中;但這是為顯示他們都不是屬於我們。
Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
20 至於你們,你們由聖者領受了傅油,並且你們都曉得。
Men nou menm gen lonksyon lan ki sòti nan Sila ki Sen a, epi nou tout konnen sa.
21 我給你們寫信,不是你們不明白真理,而是因為你們明白真理,並明白各種謊言不是出於真理。
Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.
22 誰是撒謊的呢?豈不是那否認耶穌為默西亞的嗎?那否認父和子的,這人便是假基督。
Kelès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la.
23 凡否認子的,也否認父;那明認子的,也有父。
Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
24 至於你們,應把從起初所聽見的,存留在你們內;如果你們從起初所聽見的,存留在你們內,你們必存留在子和父內。
Pou nou menm, kite sa demere nan nou ke nou te tande depi kòmansman a. Si sa nou te tande depi kòmansman a demere nan nou, nou va osi reste nan Fis la, ak Papa la.
25 這就是他給我們所預許的恩惠:即永遠的生命。 (aiōnios g166)
Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl. (aiōnios g166)
26 這些就是我關於迷惑你們的人,給你們所寫的。
Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye pase nou nan desepsyon.
27 至於你們,你們由他所領受的傅油,常存在你們內,你們就不需要誰教訓你們,而是有他的傅油教訓你們一切。這傅油是真實的,決不虛假,所以這傅油怎樣教訓你們,你們就怎樣存留在他內。
Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.
28 現在,孩子們,你們常存在他內罷!為的是當他顯現時,我們可以放心大膽,在他來臨時,不至於在他面前蒙羞。
Epi koulye a, ti moun yo, reste nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini.
29 你們然既然知道他是正義的,就該知道凡履行正義的,都是由他而生的。
Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati a se ne a Li.

< 約翰一書 2 >