< 歷代志上 23 >

1 [肋未人的職務和班次]達味年老,壽數將滿,遂立自己的兒子撒羅滿為以色列王。
Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël.
2 他召集了以色列所以的領袖、司祭和肋未人。
Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo.
3 肋未人自三十歲以上者,所有的男子都一一統計了,人數共計三萬八千:
Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trant-uit-mil.
4 其中從事監督上主殿宇工作的有二萬四千;長官和判官有六千;
Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij,
5 守衛的有四千;用達味所製的樂器讚頌上主的有四千。
kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.
6 達味按照肋未的兒子革爾雄、刻哈特和默辣黎,將他們編成班次:
David te divize yo an gwoup selon fanmi de fis yo a Lévi: Guerschon, Kehath, ak Merari.
7 屬革爾雄的:有拉當和史米。
Nan Gèshonit yo: Laedan avèk Schimeï.
8 拉當的子孫:為首的是耶希耳,其次是則堂和約厄耳,共三人。
Fis a Laedan yo: Jehiel, premye a, Zétham ak Joël, ki fè twa.
9 史米的子孫:舍羅米特、哈齊耳和哈郎,共三人。這些都是拉當家族的族長。
Fis a Shimei yo: Schelomith, Haziel avèk Haran, ki fè twa. Sila yo se te chèf lakay zansèt a Ladann yo.
10 史米的子孫:雅哈特、齊匝、耶烏士和貝黎雅。這四人都是史米的子孫,
Fis a Shimei yo: Jahath, Zina, Jeush avèk Berlah. Kat sila yo te fis a Schimeï.
11 為首的是雅哈齊,齊匝次之。耶烏士和貝黎雅子孫不多,所以算為一個家族,歸為一班。
Jachath se te premye a e Zina dezyèm nan; men Jeusch avèk Beria pa t fè anpil fis; akoz sa, yo te fòme yon sèl kay zansèt, yon sèl gwoup.
12 刻哈特的子孫:阿默蘭、依茲哈爾、赫貝龍和烏齊耳,共四人。
Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron avèk Uziel, kat.
13 阿默蘭的兒子:亞郎和梅瑟。亞郎與其子孫應分別出來,受祝聖為至聖潔的人,直到永遠;在天主面前焚香事奉他,以他的名為人祝福,直到永遠。
Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan.
14 至於天主的人梅瑟,他的子孫歸於肋未支派。
Men Moïse, nonm Bondye a, fis pa li yo te rele pami tribi Lévi a.
15 梅瑟的兒子:革爾熊和厄里厄則爾。
Fis a Moïse yo: Guerschom avèk Éliézer.
16 革爾雄的子孫,為首的是叔巴耳。
Fis a Guerschom yo: Schebuel, chèf la.
17 厄里厄則爾的子孫,為首的是勒哈彼雅。厄里厄則爾沒有別的兒子,但勒哈彼雅的兒子眾多。
Fis a Éliézer a te Rechabia, chèf la. Éliézer pa t gen lòt fis, men fis a Rechabia yo te an gran kantite.
18 依茲哈爾的子孫,為首的是舍羅米特。
Fis a Jitsehar a: Schelomith, chèf la.
19 赫貝龍的子孫:為首的是耶黎雅,次為阿瑪黎雅,三為雅哈齊耳,四為雅刻默罕。
Fis a Hébron yo: Jerija, premye a; Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan; epi Jekameam, katriyèm nan.
20 烏齊耳的子孫:為首的是米加,其次是依史雅。
Fis a Uziel yo: Michée, premye a ak Jischija, dezyèm nan.
21 默辣黎的子孫:瑪赫里和慕史。瑪赫里的子孫:厄肋阿匝爾和克士。
Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi. Fis a Machli yo: Éléazar avèk Kis.
22 厄肋阿匝爾死了,沒有兒子,只有女兒,因此克士的兒子,即她們的堂兄弟娶了她們為妻。
Éléazar te mouri san fè fis, men fi sèlman; pou sa, frè pa yo, fis a Kis yo te pran yo kon madanm pa yo.
23 慕史的子孫:瑪赫里、厄德爾和耶黎摩特,共三人。
Fis a Muschi yo: Machli, Éder avèk Jerémoth, twa.
24 這些人按他們的家族,都是肋未的子孫,都是二十歲以上,一一報名登記,在上主殿內擔任職務的首領。
Sila yo se te fis a Lévi selon lakay zansèt pa yo, menm lakay zansèt a sila ki te kontwole nan kantite non nan gwo chif kontwòl la, sila ki t ap fè travay lakay SENYÈ a, soti nan ventan oswa plis.
25 因為達味曾想:「上主以色列的天主既使自己的百姓獲得安寧,自己又永遠定居在耶路撒冷,
Paske David te di: “SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay repo a pèp Li a, e Li va abite Jérusalem jis pou tout tan.
26 肋未人就無須再抬會幕及其中應用的一切器具。」
Anplis, Levit yo p ap ankò bezwen pote tabènak avèk tout zouti li yo pou sèvis li.”
27 為此,按達味最後的吩咐,肋未子孫應由二十歲開始登記。
Paske pa dènye pawòl a David yo, fis a Levi yo te kontwole soti ventan oswa plis.
28 他們的任務是上主殿內供職,輔助亞郎的子孫,管理庭院及廂房,洗淨所有的聖物,並擔任天主聖殿中的各種工作。
Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a,
29 又管理供餅,素祭細麵,或用盤烤,或用油抹的無酵餅,以及各種度量衡;
epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak tout mezi a volim oswa gwosè yo.
30 每日早晚應前去稱謝讚頌上主;
Yo gen pou kanpe chak maten pou bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, e menm jan an nan aswè,
31 每逢安息日、月朔及節日,向上主獻各種全燔祭時,應常按規定的數目到上主面前;
epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a.
32 應負責照顧會幕及聖所,並照顧他們在上主殿內供職的弟兄─亞郎的子孫。
Konsa yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.

< 歷代志上 23 >