< 1 Pita 5 >
1 Ni mi bi ninkon wa me mi ninkon, wa ba chume ni shishi kpa-ya Yesu Kiristi, ni hla ndindima u bachi dun ba toh.
Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.
2 Zizan tie ndu vren u krju ntma ni kpa nyemme, ana ni gbigbina, ana ni kpa-sɦăn na.
Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou.
3 Na ban tu me ndi wu ninkon ni shishi indi wa u ya'ba na, se “u” ka tsroba inkoh tie ndindi u ntma.
Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.
4 Ninkon u krju ntma ni ta bwu shishi niwu, u fe pri-nzeh u tuntur.
Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.
5 A naki biyi mri-nzeh wawu, ka tu nbi grji ni bi ninkon nitoh tu-nbi ni nfutu, na kpa ri-mbi tsri na. Irji na nyimme ni-ndi wa ni nzutu na.
Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.
6 Njitu-mbi grji dun Irji zoh yi.
Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an.
7 Ka wawu sisri meh don ni-Wu, Wawu yi ni kata.
Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.
8 Mmla yah, mmla zren, meme-a ni-zren ni kagon ni wa-indi wa a ni ta'n na-ichen u'yon.
Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.
9 Ka'me niwũ. Kri mgbamgba ni yo-sron. U toh indi bi hu Irji ni mgumgblu ba si shaya naaki me.
Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.
10 Ni-gon iya wa uti ni'nton tsaame. Irji (Bachi) u ko'nge, iwa a yo, a ye ni sisren u tuntur ni Yesu Kiristi, ani nu mgbemgble na mlawu ti. (aiōnios )
Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini. (aiōnios )
11 Ni shullu mba ni memme ndu son chu ma. Anaki. (aiōn )
Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn. (aiōn )
12 I'me mi kpa-nyime ni Silvanus a vayi u yer-yer, mi hla ni yiwu tsa-me ni wawuyi.
Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m' ka ankouraje nou, pou m' fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.
13 Mi hla yiwu gbigbi kpe wa mi hla a njanji tre Irji mi kri nitu ma. Iwah u Babilon wa bi kpa indu ni ntoh ṛiři asi chi yi. Ivren mu Markus ngame asi chi yi.
Legliz Bondye chwazi nan lavil Babilòn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an.
14 Chi kpambi ni kurju uu (kiss) isohn. Si dun he ni yi ni den Yesu.
Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.