< 2 Reyes 19 >
1 Al oírlo, el rey Ezequías se quitó la túnica, se puso ropas ásperas y entró en el templo del Señor.
Lè Ézéchias te tande sa, li te chire rad li. Li te kouvri kò li avèk twal sak e li te antre lakay SENYÈ a.
2 Envió a Eliaquim, que estaba sobre la casa, y a Sebna el escriba, y a los principales sacerdotes, con ropas ásperas, al profeta Isaías, hijo de Amoz.
Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.
3 Y ellos le dijeron: Ezequías dice: Hoy es un día de angustia, de castigo y de vergüenza; como cuando los niños están listos para nacer, pero no hay fuerzas para darles a luz.
Yo te di li: “Konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo twoub, chatiman, ak abandon; pwiske pitit yo vin parèt pou akouche, men pa gen fòs pou fè l.
4 Puede ser que él Señor tu Dios escuche las palabras del Rabsaces, a quien el rey de Asiria, su amo, envió a blasfemar al Dios vivo, y lo reprenda por las palabras que él Señor mismo, tu Dios habrá oído; entonces haz tu oración por el remanente de gente que aún queda.
Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou retay ki toujou rete a.’”
5 Entonces los siervos del rey Ezequías vinieron a Isaías.
Pou sa, sèvitè a wa Ézéchias yo te vin kote Ésaïe.
6 Entonces Isaías les dijo: Esto es lo que debes decirle a tu amo: El Señor dice: No te preocupes por las palabras que los siervos del rey de Asiria han dicho contra mí en tu oído.
Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale a mèt nou an: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Pa krent akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme Mwen yo.
7 Mira, pondré espíritu en él, y las malas noticias llegarán a sus oídos, y él volverá a su tierra; y allí lo haré matar a filo de espada.
Veye byen, mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon fo nouvèl pou retounen nan pwòp peyi pa li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”
8 Entonces regresó el Rabsaces, y cuando llegó allí, el rey de Asiria estaba haciendo la guerra a Libna, porque había llegado a sus oídos que se había ido de Laquis.
Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite Lakis.
9 Y cuando le llegaron noticias de que Tirhaca, rey de Etiopía, había hecho un ataque contra él, envió representantes a Ezequías de nuevo, diciendo:
Lè l te tande sa pa Tirhaka, wa Ethiopie a, vwala, li vin parèt pou goumen kont ou, li te ankò voye mesaje yo kote Ézéchias e te di:
10 Esto es lo que debes decir a Ezequías, rey de Judá: No permitas que tu Dios, en quien está tu fe, te dé una falsa esperanza, diciendo: Jerusalén no será entregada en manos del rey de Asiria.
“Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, ‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.”
11 Sin duda, la historia ha llegado a tus oídos de lo que los reyes de Asiria han hecho a todas las tierras, destruyéndolas por completo; y te mantendrás a salvo?
Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a?
12 ¿Los dioses de las naciones mantuvieron a salvo a aquellos a quienes mis padres enviaron a la destrucción, Gozan y Harán y Resef y los hijos de Edén que estaban en Telasar?
Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo?
13 ¿Dónde están el rey de Hamat, y el rey de Arfad, y el rey de la ciudad de Sefarvaim, de Hena y de Iva?
Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’”
14 Ezequías tomó la carta de las manos de los que habían venido con ella; y después de leerlo, Ezequías subió al templo del Señor, abriendo la carta allí delante del Señor.
Alò, Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a.
15 E hizo Ezequías su oración al Señor, diciendo: Señor, Dios de Israel, sentado entre los querubines, tú solo eres el Dios de todos los reinos de la tierra; Has hecho los cielos y la tierra.
Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a.
16 Inclina tu oído y escucha, Señor, y abre los ojos, Señor, y mira; tome nota de todas las palabras de Senaquerib que envió a hombres a decir mal contra el Dios vivo.
Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an.
17 En verdad, oh Señor, los reyes de Asiria han destruido a las naciones y sus tierras,
Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo,
18 Y han dado sus dioses al fuego. porque no eran dioses, sino madera y piedra, obra de manos de hombres; Así los han dado a la destrucción.
epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo.
19 Pero ahora, Señor nuestro Dios, danos la salvación de sus manos, para que quede claro a todos los reinos de la tierra que tú y solo tú, Señor, eres Dios.
Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
20 Entonces Isaías, hijo de Amoz, envió a Ezequías, diciendo: El Señor, el Dios de Israel, dice: La oración que me has hecho contra Senaquerib, rey de Asiria, ha llegado a mis oídos.
Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, Mwen te tande.”
21 Esta es la palabra que el Señor ha dicho contra él: te ha despreciado? Se ha burlado? la hija virgen de Sión, La hija de Jerusalén ha movido su cabeza a tus espaldas.
Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an: “Li te meprize ou e moke ou, Fi vyèj a Sion an. Li te souke tèt li dèyè do ou, Fi a Jérusalem nan!
22 ¿Contra quién has dicho cosas malas y amargas? ¿Contra quién ha sonado tu voz y tus ojos levantados? contra él Dios Santo de Israel.
Se kilès ou te repwoche e blasfeme a? Epi kont kilès ou te leve vwa ou a, avèk ògèy, ou te leve zye ou? Kont Sila ki Sen a Israël la?
23 Enviaste a tus siervos con malas palabras contra el Señor, y dijiste: Con todos mis carros de guerra he subido a la cima de las montañas, a las partes más íntimas del Líbano; cortaré sus altos cedros y los mejores árboles de sus bosques; Subiré a sus lugares más altos, a sus espesos bosques.
Pa mesaje ou yo, ou te repwoche SENYÈ a. Ou te di: “Avèk anpil cha mwen yo, mwen te rive sou wotè a mòn yo. Jis rive nan kote pi izole nan Liban an, mwen va koupe gwo bwa sèd li yo, avèk bwa pichpen pi chwazi li yo. Epi mwen va antre jis nan lojman pi izole yo, nan pi gran rakbwa ki te genyen yo.
24 Hice pozos de agua y tomé sus aguas, y con mi pie he secado todos los ríos de Egipto.
Mwen te fouye pwi yo e te bwè dlo etranje li yo, Epi avèk pla pye mwen, mwen te seche tout rivyè Égypte yo.”
25 ¿No ha llegado a tus oídos cómo lo hice mucho antes, y lo propuse en tiempos pasados? Ahora he dado efecto a mi diseño para que, por su parte, los pueblos fuertes puedan convertirse en masas de muros rotos.
Èske ou pa t tande? Depi lontan Mwen te fè l; Depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye l. Koulye a, Mwen gen tan fè l vin rive, ke ou ta fè vil fòtifye yo vin pil ranblè.
26 Por eso sus habitantes no tenían poder, fueron quebrantados y avergonzados; eran como la hierba del campo y la planta verde, como la hierba en los techos que es quemada antes de que crezca.
Pou sa, abitan pa yo te manke fòs. Yo te deranje e te vin wont nèt. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki vin brile avan li kab grandi.
27 Pero tengo conocimiento de que te levantas y de tu descanso, de tu salida y tu entrada y tu furia contra mi.
Men M konnen chita ou, sòti avèk antre pa ou, ak laraj ke ou konn fè kont Mwen.
28 Porque tu ira contra mí y tus palabras de orgullo han llegado hasta mis oídos, pondré mi anzuelo en tu nariz y mi freno en tus labios, y te haré volver por el camino que viniste.
Epi akoz laraj ou kont Mwen, akoz awogans ou vin monte nan zòrèy Mwen, pou sa, mwen va mete zen Mwen nan nen ou, ak brid Mwen, pou antre nan lèv ou, epi Mwen va vire ou fè ou fè bak pa menm chemen ke ou te antre a.”
29 Y esta será la señal para ti: obtendrás tu comida este año de lo que surja de sí mismo; y en el segundo año a partir del producto del mismo; y en el tercer año pondrás tu semilla y cosecharás harás enredaderas y tomarás de sus frutos.
“Epi sa va sign lan pou ou: Ou va manje nan lane sila a sa ki grandi pou kont li, nan dezyèm ane a, sa ki sòti menm jan an konsa e nan twazyèm ane a, ou va simen, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi pa yo.
30 Y los de Judá que aún viven volverán a echar raíces en la tierra y darán fruto.
Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè.
31 Porque de Jerusalén saldrán los que han estado a salvo, y los que aún viven saldrán del monte Sión: por el propósito fijo del Señor de los ejércitos, esto se hará.
Paske depi Jérusalem, va vin sòti yon retay e sòti nan Mòn Sion, sila ki chape yo. Zèl SENYÈ a va acheve sa.”
32 Por esta causa que el Señor dice acerca del rey de Asiria, Él no vendrá a esta ciudad, ni enviará una flecha contra ella; no vendrá con armas, ni levantará una rampa de tierra contra ella;
“Pou sa, pale SENYÈ a selon wa Assyrie a: ‘Li p ap rive nan vil sila a, ni tire yon flèch la. Li p ap rive devan li avèk yon boukliye, ni monte yon ran syèj kont li.
33 Por el camino que vino, volverá y no entrará en este pueblo, dice el Señor.
Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a.
34 Porque mantendré a salvo este pueblo, por mi honor y por el honor de mi siervo David.
‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’”
35 Y esa noche salió el ángel del Señor y mató en el ejército de los asirios ciento ochenta y cinco mil hombres; y cuando la gente se levantó temprano en la mañana, no había nada que ver, excepto cadáveres.
Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri.
36 Entonces Senaquerib, rey de Asiria, volvió a su lugar en Nínive.
Pou sa, Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete Ninive.
37 Y sucedió que cuando estaba adorando en la casa de su dios Nisroc, sus hijos Adramelec y Sarezer lo mataron con la espada; Y salieron en vuelo a la tierra de Ararat. Y su hijo Esarhadón se hizo rey en su lugar.
Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.