< Isaiæ 23 >

1 Onus Tyri. Ululate, naves maris, quia vastata est domus unde venire consueverant: de terra Cethim revelatum est eis.
Pwofesi konsènan Tyr a. Rele anmwey, O bato a Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre.
2 Tacete, qui habitatis in insula; negotiatores Sidonis, transfretantes mare, repleverunt te.
Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou.
3 In aquis multis semen Nili; messis fluminis fruges ejus: et facta est negotiatio gentium.
Sou anpil dlo sereyal a Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo.
4 Erubesce, Sidon; ait enim mare, fortitudo maris, dicens: Non parturivi, et non peperi, et non enutrivi juvenes, nec ad incrementum perduxi virgines.
Rete wont, O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.”
5 Cum auditum fuerit in Ægypto, dolebunt cum audierint de Tiro.
Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a.
6 Transite maria, ululate, qui habitatis in insula!
Janbe rive Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo!
7 Numquid non vestra hæc est, quæ gloriabatur a diebus pristinis in antiquitate sua? Ducent eam pedes sui longe ad peregrinandum.
Èske sa se gwo vil kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwaj yo?
8 Quis cogitavit hoc super Tyrum quondam coronatam, cujus negotiatores principes, institores ejus inclyti terræ?
Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo?
9 Dominus exercituum cogitavit hoc, ut detraheret superbiam omnis gloriæ, et ad ignominiam deduceret universos inclytos terræ.
SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo.
10 Transi terram tuam quasi flumen, filia maris! non est cingulum ultra tibi.
Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò.
11 Manum suam extendit super mare; conturbavit regna. Dominus mandavit adversus Chanaan, ut contereret fortes ejus;
Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou detwi tout fò ranfòse yo.
12 et dixit: Non adjicies ultra ut glorieris, calumniam sustinens virgo filia Sidonis: in Cethim consurgens transfreta: ibi quoque non erit requies tibi.
Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon nan! Leve, travèse Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”
13 Ecce terra Chaldæorum, talis populus non fuit: Assur fundavit eam; in captivitatem traduxerunt robustos ejus, suffoderunt domos ejus, posuerunt eam in ruinam.
Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze.
14 Ululate, naves maris, quia devastata est fortitudo vestra.
Rele anmwey, O bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi!
15 Et erit in die illa: in oblivione eris, o Tyre! septuaginta annis, sicut dies regis unius; post septuaginta autem annos erit Tyro quasi canticum meretricis:
Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a.
16 Sume citharam, circui civitatem, meretrix oblivioni tradita: bene cane, frequenta canticum, ut memoria tui sit.
Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou.
17 Et erit post septuaginta annos: visitabit Dominus Tyrum, et reducet eam ad mercedes suas, et rursum fornicabitur cum universis regnis terræ super faciem terræ;
Li va vin rive nan fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo.
18 et erunt negotiationes ejus et mercedes ejus sanctificatæ Domino: non condentur neque reponentur, quia his qui habitaverint coram Domino erit negotiatio ejus, ut manducent in saturitatem, et vestiantur usque ad vetustatem.
Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.

< Isaiæ 23 >