< Sòm 44 >
1 Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou. Zansèt nou yo te pale nou travay ke Ou te fè nan jou pa yo, nan jou ansyen yo.
(고라 자손의 마스길. 영장으로 한 노래) 하나님이여, 주께서 우리 열조의 날 곧 옛날에 행하신 일을 저희가 우리에게 이르매 우리 귀로 들었나이다
2 Ou menm, avèk pwòp men Ou, Ou te chase mete nasyon yo deyò, men Ou te plante yo. Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo, Ou te gaye yo toupatou.
주께서 주의 손으로 열방을 쫓으시고 열조를 심으시며 주께서 민족들은 괴롭게 하시고 열조는 번성케 하셨나이다
3 Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.
저희가 자기 칼로 땅을 얻어 차지함이 아니요 저희 팔이 저희를 구원함도 아니라 오직 주의 오른손과 팔과 얼굴의 빛으로 하셨으니 주께서 저희를 기뻐하신 연고니이다
4 Se Ou menm ki Wa m, O Bondye. Òdone viktwa pou Jacob.
하나님이여, 주는 나의 왕이시니 야곱에게 구원을 베푸소서
5 Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak; Nan non Ou, nou va pile fè desann (sila) ki leve kont nou yo.
우리가 주를 의지하여 우리 대적을 누르고 우리를 치려 일어나는 자를 주의 이름으로 밟으리이다
6 Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen, ni se pa nepe m k ap sove mwen.
나는 내 활을 의지하지 아니할 것이라 내 칼도 나를 구원치 못하리이다
7 Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo, Epi Ou te fè tout (sila) ki rayi nou yo wont.
오직 주께서 우리를 우리 대적에게서 구원하시고 우리를 미워하는 자로 수치를 당케 하셨나이다
8 Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen. Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
우리가 종일 하나님으로 자랑하였나이다 우리가 하나님의 이름을 영영히 감사하리이다 (셀라)
9 Alò, koulye a, Ou rejte nou, e mennen nou nan gwo wont. Ou pa sòti ankò avèk lame nou yo.
그러나 이제는 주께서 우리를 버려 욕을 당케 하시고 우리 군대와 함께 나아가지 아니하시나이다
10 Ou fè nou vire fè bak devan advèsè a, epi (sila) ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.
주께서 우리를 대적에게서 돌아서게 하시니 우리를 미워하는 자가 자기를 위하여 탈취하였나이다
11 Ou te fè nou kon mouton, tankou mouton ki te livre pou manje, epi te gaye nou pami nasyon yo.
주께서 우리로 먹힐 양 같게 하시고 열방 중에 흩으셨나이다
12 Ou vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.
주께서 주의 백성을 무료로 파심이여 저희 값으로 이익을 얻지 못하셨나이다
13 Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo, yon objè ki moke e giyonnen pa (sila) ki antoure nou yo.
주께서 우리로 이웃에게 욕을 당케 하시니 둘러 있는 자가 조소하고 조롱하나이다
14 Ou fè nou tounen yon vye mò pami nasyon yo, Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
주께서 우리로 열방 중에 말거리가 되게 하시며 민족 중에서 머리 흔듦을 당케 하셨나이다
15 Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m, epi imilyasyon mwen kraze m nèt.
나의 능욕이 종일 내 앞에 있으며 수치가 내 얼굴을 덮었으니
16 Akoz vwa a (sila) ki fè m repwòch e ki meprize mwen, akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
나를 비방하고 후욕하는 소리를 인함이요 나의 원수와 보수자의 연고니이다
17 Tout sa gen tan rive sou nou, men nou pa te bliye Ou, ni nou pa t aji nan manti selon akò Ou a.
이 모든 일이 우리에게 임하였으나 우리가 주를 잊지 아니하며 주의 언약을 어기지 아니하였나이다
18 Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo pa t varye soti nan chemen Ou.
우리 마음이 퇴축지 아니하고 우리 걸음도 주의 길을 떠나지 아니하였으나
19 Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo, e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.
주께서 우리를 시랑의 처소에서 심히 상해하시고 우리를 사망의 그늘로 덮으셨나이다
20 Si nou te bliye non a Bondye nou an, oswa lonje men nou vè yon lòt dye etranje,
우리가 우리 하나님의 이름을 잊어버렸거나 우리 손을 이방 신에게 향하여 폈더면
21 èske Bondye pa ta dekouvri sa a? Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
하나님이 이를 더듬어 내지 아니하셨으리이까? 대저 주는 마음의 비밀을 아시나이다
22 Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen. Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
우리가 종일 주를 위하여 죽임을 당케 되며 도살할 양같이 여김을 받았나이다
23 Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ? Leve nan dòmi! Pa rejte nou nèt.
주여, 깨소서 어찌하여 주무시나이까? 일어나시고 우리를 영영히 버리지 마소서
24 Poukisa Ou kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?
어찌하여 주의 얼굴을 가리우시고 우리 고난과 압제를 잊으시나이까?
25 Paske nanm nou te neye jis rive nan pousyè. Kò nou kole jis rive atè.
우리 영혼은 진토에 구푸리고 우리 몸은 땅에 붙었나이다
26 Leve monte! Bay nou sekou! Rachte nou pou koz lanmou dous Ou a.
일어나 우리를 도우소서 주의 인자하심을 인하여 우리를 구속하소서