< Sòm 125 >

1 Yon chan pou monte vè tanp lan. (Sila) ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan. 2 Kon mòn antoure Jérusalem yo, se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a depi moman sa a, e jis rive pou tout tan. 3 Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo, jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal. 4 Fè byen, SENYÈ, a (sila) ki bon yo, ak (sila) ki dwat nan kè yo. 5 Men pou (sila) ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk (sila) ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.

< Sòm 125 >