< Resansman 32 >
1 Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè teren nan Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt.
Now the children of Reuben and the children of Gad had a very great multitude of cattle; and when they saw the land of Jazer, and the land of Gilead, that, behold, the place was a place for cattle,
2 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te vin pale avèk Moïse ak Éléazar, prèt la, avèk chèf kongregasyon an. Yo te di yo,
the children of Gad and the children of Reuben came and spoke unto Moses, and to Eleazar the priest, and unto the princes of the congregation, saying:
3 “Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon,
'Ataroth, and Dibon, and Jazer, and Nimrah, and Heshbon, and Elealeh, and Sebam, and Nebo, and Beon,
4 peyi ke SENYÈ a te bat devan kongregasyon Israël yo, se yon peyi ki pou pran swen bèt, e sèvitè ou yo gen bèt.”
the land which the LORD smote before the congregation of Israel, is a land for cattle, and thy servants have cattle.'
5 Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.”
And they said: 'If we have found favour in thy sight, let this land be given unto thy servants for a possession; bring us not over the Jordan.'
6 Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la?
And Moses said unto the children of Gad and to the children of Reuben: 'Shall your brethren go to the war, and shall ye sit here?
7 Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a?
And wherefore will ye turn away the heart of the children of Israel from going over into the land which the LORD hath given them?
8 Se sa ke papa nou yo te fè lè mwen te voye yo sòti nan Kadès-Barnéa pou wè peyi a.
Thus did your fathers, when I sent them from Kadesh-barnea to see the land.
9 Paske, lè yo te monte nan vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a.
For when they went up unto the valley of Eshcol, and saw the land, they turned away the heart of the children of Israel, that they should not go into the land which the LORD had given them.
10 “Konsa, kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di:
And the LORD'S anger was kindled in that day, and He swore, saying:
11 ‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt,
Surely none of the men that came up out of Egypt, from twenty years old and upward, shall see the land which I swore unto Abraham, unto Isaac, and unto Jacob; because they have not wholly followed Me;
12 sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’
save Caleb the son of Jephunneh the Kenizzite, and Joshua the son of Nun; because they have wholly followed the LORD.
13 Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.
And the LORD'S anger was kindled against Israel, and He made them wander to and fro in the wilderness forty years, until all the generation, that had done evil in the sight of the LORD, was consumed.
14 “Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou kòlè SENYÈ a kont Israël.
And, behold, ye are risen up in your fathers' stead, a brood of sinful men, to augment yet the fierce anger of the LORD toward Israel.
15 Paske si nou vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.”
For if ye turn away from after Him, He will yet again leave them in the wilderness; and so ye will destroy all this people.'
16 Alò, yo te vin pwoche li e te di: “Nou va bati isit la pak mouton pou bèt nou yo ak vil pou pitit nou yo;
And they came near unto him, and said: 'We will build sheepfolds here for our cattle, and cities for our little ones;
17 men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo.
but we ourselves will be ready armed to go before the children of Israel, until we have brought them unto their place; and our little ones shall dwell in the fortified cities because of the inhabitants of the land.
18 Nou p ap retounen lakay nou jiskaske chak moun nan fis Israël yo gen tan posede eritaj pa yo.
We will not return unto our houses, until the children of Israel have inherited every man his inheritance.
19 Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.”
For we will not inherit with them on the other side of the Jordan, and forward, because our inheritance is fallen to us on this side of the Jordan eastward.'
20 Konsa Moïse te di yo: “Si nou va fè sa, si nou va pran zam nou yo devan SENYÈ a pou fè lagè a,
And Moses said unto them: 'If ye will do this thing: if ye will arm yourselves to go before the LORD to the war,
21 epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain a devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li,
and every armed man of you will pass over the Jordan before the LORD, until He hath driven out His enemies from before Him,
22 epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a.
and the land be subdued before the LORD, and ye return afterward; then ye shall be clear before the LORD, and before Israel, and this land shall be unto you for a possession before the LORD.
23 “Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke peche nou va vin jwenn nou.
But if ye will not do so, behold, ye have sinned against the LORD; and know ye your sin which will find you.
24 Bati pou nou menm gran vil pou pitit nou yo, pak pou mouton nou yo, e fè sa ke nou te pwomèt yo.”
Build you cities for your little ones, and folds for your sheep; and do that which hath proceeded out of your mouth.'
25 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te pale avèk Moïse. Yo te di: “Sèvitè ou yo va fè ojis sa ke mèt mwen kòmande yo a.
And the children of Gad and the children of Reuben spoke unto Moses, saying: 'Thy servants will do as my lord commandeth.
26 Pitit nou yo, madanm nou yo, ak bèt nou yo va rete nan vil Galaad yo;
Our little ones, our wives, our flocks, and all our cattle, shall be there in the cities of Gilead;
27 pandan sèvitè ou yo, chak ki gen zam pou fè lagè, va travèse lòtbò nan prezans SENYÈ a pou batay la, jis jan ke mèt mwen pale.”
but thy servants will pass over, every man that is armed for war, before the LORD to battle, as my lord saith.'
28 Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo.
So Moses gave charge concerning them to Eleazar the priest, and to Joshua the son of Nun, and to the heads of the fathers' houses of the tribes of the children of Israel.
29 Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon.
And Moses said unto them: 'If the children of Gad and the children of Reuben will pass with you over the Jordan, every man that is armed to battle, before the LORD, and the land shall be subdued before you, then ye shall give them the land of Gilead for a possession;
30 Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.”
but if they will not pass over with you armed, they shall have possessions among you in the land of Canaan.'
31 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te reponn e te di: “Jan SENYÈ a te pale a sèvitè ou yo, konsa nou va fè.
And the children of Gad and the children of Reuben answered, saying: 'As the LORD hath said unto thy servants, so will we do.
32 Nou menm, nou va travèse lòtbò avèk zam yo nan prezans SENYÈ a, nan peyi Canaran, e posesyon eritaj nou va rete avèk nou lòt kote Jourdain an.”
We will pass over armed before the LORD into the land of Canaan, and the possession of our inheritance shall remain with us beyond the Jordan.'
33 Konsa, Moïse te bay yo, fis a Gad avèk fis a Ruben yo, mwatye tribi fis a Joseph la, Manassé, wayòm a Sihon, wa a Amoreyen yo, wayòm a Og la, wa a Basan an, peyi a avèk vil pa yo, teritwa pa yo, vil a teritwa ki te antoure yo.
And Moses gave unto them, even to the children of Gad, and to the children of Reuben, and unto the half-tribe of Manasseh the son of Joseph, the kingdom of Sihon king of the Amorites, and the kingdom of Og king of Bashan, the land, according to the cities thereof with their borders, even the cities of the land round about.
34 Fis a Gad yo te bati Dibon avèk Ataroth ak Aroër,
And the children of Gad built Dibon, and Ataroth, and Aroer;
35 Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha,
and Atroth-shophan, and Jazer, and Jogbehah;
36 Beth Nimra avèk Beth Haran, kòm vil byen fòtifye ak pak pou mouton.
and Beth-nimrah, and Beth-haran; fortified cities, and folds for sheep.
37 Fis a Ruben yo te bati Hesbon, Elealé, avèk Kirjathaïm,
And the children of Reuben built Heshbon, and Elealeh, and Kiriathaim;
38 Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo.
and Nebo, and Baal-meon — their names being changed — and Sibmah; and gave their names unto the cities which they builded.
39 Fis a Makir yo, fis a Manassé yo te ale Galaad pou te pran li, e yo te deplase Amoreyen ki te rete ladann yo.
And the children of Machir the son of Manasseh went to Gilead, and took it, and dispossessed the Amorites that were therein.
40 Konsa, Moïse te bay Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann.
And Moses gave Gilead unto Machir the son of Manasseh; and he dwelt therein.
41 Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr.
And Jair the son of Manasseh went and took the villages thereof, and called them Havvoth-jair.
42 Nobach te ale pran Kenath avèk vil pa li yo, e li te rele li Nobach selon pwòp non pa li.
And Nobah went and took Kenath, and the villages thereof, and called it Nobah, after his own name.