< Matye 23 >

1 Alò, Jésus te pale avèk foul la ak disip Li yo
Khona uJesu wakhuluma emaxukwini lakubafundi bakhe,
2 Li te di yo: “Skrib yo avèk Farizyen yo gen tan chita nan chèz Moïse la.
esithi: Ababhali labaFarisi bahlezi esihlalweni sikaMozisi;
3 Pou sa, tout sa yo mande nou fè ak swiv, fè l. Men pa swiv zak yo, paske yo pale bagay sa yo, men yo pa fè yo.
ngakho konke lokhu abalitshela khona ukuthi likugcine, kugcineni likwenze; kodwa lingenzi njengokwemisebenzi yabo, ngoba bayakhuluma bangenzi.
4 Yo mare gwo chaj e mete yo sou zepòl a moun; men yo menm, yo p ap leve menm yon dwèt pou ede yo.
Ngoba bayabopha imithwalo enzima njalo elukhuni ukuthwalwa, bayibeke emahlombe abantu, kodwa kabafuni ukuyisusa ngomunwe wabo.
5 “Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long.
Njalo imisebenzi yabo yonke bayenza ukuze babonwe ngabantu; ngoba benza amafilakteriyu abo abe banzi, njalo bakhulisa intshaka zezembatho zabo;
6 Yo renmen plas onè nan resepsyon yo, avèk plas ki pi enpòtan nan sinagòg yo,
bathanda izihlalo zabahloniphekayo ekudleni kwantambama, lezihlalo eziqakathekileyo emasinagogeni,
7 ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo ‘Rabbi’ (Mèt).
lokubingelelwa emidangeni, lokubizwa ngabantu ngokuthi: Rabi, Rabi.
8 “Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye.
Kodwa lina kalingabizwa ngokuthi Rabi; ngoba munye ongumfundisi wenu, uKristu; njalo lina lonke lingabazalwane.
9 Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la.
Futhi lingabizi muntu emhlabeni ngokuthi nguyihlo; ngoba munye onguYihlo, osemazulwini;
10 Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la.
kalingabizwa ngokuthi lingabafundisi; ngoba munye ongumfundisi wenu, uKristu.
11 “Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou.
Kodwa omkhulu kini uzakuba yinceku yenu.
12 Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.
Lalowo oziphakamisayo, uzathotshiswa; lalowo ozithobayo, uzaphakanyiswa.
13 “Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.
Kodwa maye kini, babhali labaFarisi, bazenzisi, ngoba livalela abantu umbuso wamazulu; ngoba kalingeni lina, labangenayo kalibavumeli ukuthi bangene.
14 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo! Ipokrit! Paske nou bloke wayòm syèl la kont moun. Nou p ap antre nou menm, ni nou pa kite sila k ap antre yo ale ladann.
Maye kini, babhali labaFarisi, bazenzisi, ngoba lidla izindlu zabafelokazi, langokuzenzisa lenza imikhuleko emide; ngakho lizakwemukela ukulahlwa okukhulu.
15 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo; ipokrit nou ye! Paske nou travèse tout latè avèk lanmè pou fè yon sèl disip; e lè nou fè l, li vini de fwa plis fis lanfè ke nou menm. (Geenna g1067)
Maye kini, babhali labaFarisi, bazenzisi, ngoba libhoda ulwandle lomhlaba ukuthi lenze abe munye ophendukela kumaJuda, kuthi nxa esenziwe njalo, limenze umntwana wesihogo ngokuphindwe kabili kulani. (Geenna g1067)
16 “Malè a nou menm, gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’
Maye kini, bakhokheli abayiziphofu, abathi: Loba ngubani ofunga ngethempeli, akulutho; kodwa loba ngubani ofunga ngegolide lethempeli, ulomlandu.
17 Bann sòt ak moun avèg! Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?
Zithutha leziphofu! Ngoba yikuphi okukhulu, igolide, kumbe ithempeli elenza igolide libe ngcwele?
18 “Epi ‘Sila ki sèmante sou lotèl la, sa pa anyen; men sila ki sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije’.
Njalo: Loba ngubani ofunga ngelathi, akulutho; kodwa loba ngubani ofunga ngomnikelo ophezu kwalo, ulomlandu.
19 Moun avèg! Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?
Zithutha leziphofu! Ngoba yikuphi okukhulu, umnikelo, kumbe ilathi elenza umnikelo ube ngcwele?
20 “Pou sa, sila ki sèmante sou lotèl la, sèmante ni sou li, ni sou tout bagay ki sou li.
Ngakho ofunga ngelathi ufunga ngalo langakho konke okuphezu kwalo;
21 Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki rete ladann nan.
lofunga ngethempeli ufunga ngalo langaye ohlala kulo;
22 Epi sila ki sèmante sou syèl la, sèmante non sèlman sou twòn Bondye a, men sou Sila ki chita ladann nan.
lofunga ngezulu ufunga ngesihlalo sobukhosi sikaNkulunkulu langaye ohlala phezu kwaso.
23 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo.
Maye kini, babhali labaFarisi, bazenzisi, ngoba lithela okwetshumi kwetshwayi leganga ledile lekhumini; liyekele okunzima komlayo, ukwahlulela lesihawu lokholo; belifanele ukwenza lezizinto, lingaziyekeli lalezo.
24 Nou menm, gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!
Bakhokheli abayiziphofu, likhetha umiyane, kodwa liginye ikamela.
25 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou achevi tout bezwen pèsonèl yo.
Maye kini, babhali labaFarisi, bazenzisi, ngoba lihlambulula ingaphandle yenkezo leyomganu, kodwa ngaphakathi kugcwele ukuphanga lobuhwaba.
26 Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.
MFarisi oyisiphofu! Hlambulula kuqala ingaphakathi yenkezo leyomganu, ukuze kuhlambuluke lengaphandle yakho.
27 “Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti.
Maye kini, babhali labaFarisi, bazenzisi, ngoba lifanana lamangcwaba aconjwe aba mhlophe, abonakala emahle ngaphandle, kanti ngaphakathi agcwele amathambo abafileyo lokungcola konke.
28 Menm jan an, nou menm tou, nou gen aparans ladwati, men anndan nou ranpli avèk ipokrizi ak linikite.
Kunjalo lani ngaphandle libonakala ebantwini lilungile, kanti ngaphakathi ligcwele ukuzenzisa lobubi.
29 “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou bati tonm pou pwofèt yo e dekore moniman a sila ki te jis yo,
Maye kini, babhali labaFarisi, bazenzisi, ngoba lakha amangcwaba abaprofethi, licecise amangcwaba abalungileyo,
30 epi di: ‘Si nou te viv nan jou zansèt nou yo, nou pa t ap ede yo vèse san a pwofèt yo’.
lithi: Uba besikhona ensukwini zabobaba bethu, besingayikuhlanganyela labo egazini labaprofethi.
31 An konsekans, nou temwaye kont pwòp tèt pa nou; ke nou menm se fis a moun ki te touye pwofèt yo.
Kunjalo liyazifakazela lina ukuthi lingamadodana alabo ababulala abaprofethi;
32 “Konsa, ranpli mezi koupabilite nou, menm jan tankou zansèt nou yo te fè a.
lina-ke gcwalisani isilinganiso saboyihlo!
33 Bann sèpan, nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a? (Geenna g1067)
Zinyoka, nzalo yamabululu, lizaphepha njani ukulahlwa kwesihogo? (Geenna g1067)
34 “Pou sa, gade, Mwen ap voye bannou pwofèt ak moun saj, ak Skrib yo. Kèk nan yo, nou va touye e krisifye. Kèk nan yo, nou ap bay kout fwèt nan sinagòg nou yo, e pèsekite yo soti nan yon vil jiska yon lòt,
Ngakho, khangelani, mina ngithuma kini abaprofethi labahlakaniphileyo lababhali; labanye babo lizababulala libabethele; labanye lizabatshaya ngesiswepu emasinagogeni enu libazingele imizi ngemizi;
35 pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, fis a Barachie a, ke nou te asasine antre tanp lan ak lotèl la.
ukuze kwehlele phezu kwenu igazi lonke elilungileyo elachithwa emhlabeni, kusukela egazini likaAbela olungileyo, kuze kufike egazini likaZakariya indodana kaBarakiya, elambulala phakathi kwethempeli lelathi.
36 “Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou jenerasyon sila a.
Ngiqinisile ngithi kini: Zonke lezizinto zizakwehlela phezu kwalesisizukulwana.
37 “O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.
Jerusalema, Jerusalema, wena obulala abaprofethi njalo obakhanda ngamatshe labo abathunywe kuwe! Bengithanda kangakanani ukubuthela ndawonye abantwana bakho, njengesikhukhukazi sibuthela amatsiyane aso ngaphansi kwempiko, kodwa kalivumanga.
38 “Gade byen, lakay nou rete nan men nou dezole nèt.
Khangelani, indlu yenu itshiyiwe kini ilunxiwa.
39 Paske Mwen di nou: Depi koulye a, nou p ap wè M jiskaske nou di: ‘Beni se Sila ki vini nan non Senyè a.’”
Ngoba ngithi kini: Kalisoze langibona kusukela khathesi, lize lithi: Ubusisiwe ozayo ebizweni leNkosi.

< Matye 23 >