< Levitik 5 >
1 “‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.
“若有人听见发誓的声音,他本是见证,却不把所看见的、所知道的说出来,这就是罪;他要担当他的罪孽。
2 “‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab.
或是有人摸了不洁的物,无论是不洁的死兽,是不洁的死畜,是不洁的死虫,他却不知道,因此成了不洁,就有了罪。
3 Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab.
或是他摸了别人的污秽,无论是染了什么污秽,他却不知道,一知道了就有了罪。
4 Oubyen, si yon moun sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo.
或是有人嘴里冒失发誓,要行恶,要行善,无论人在什么事上冒失发誓,他却不知道,一知道了就要在这其中的一件上有了罪。
5 Se konsa li va ye lè li vin koupab nan youn nan sa yo, ke li va konfese nan sa ke li te fè peche a.
他有了罪的时候,就要承认所犯的罪,
6 Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.
并要因所犯的罪,把他的赎愆祭牲—就是羊群中的母羊,或是一只羊羔,或是一只山羊—牵到耶和华面前为赎罪祭。至于他的罪,祭司要为他赎了。
7 “‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile.
“他的力量若不够献一只羊羔,就要因所犯的罪,把两只斑鸠或是两只雏鸽带到耶和华面前为赎愆祭:一只作赎罪祭,一只作燔祭。
8 Li va pote yo bay prèt la, ki va ofri, premyèman, sa ki pou ofrann peche a, e li va tranche tèt li pa devan kou a san ke li pa fin separe li nèt.
把这些带到祭司那里,祭司就要先把那赎罪祭献上,从鸟的颈项上揪下头来,只是不可把鸟撕断,
9 Li va osi flite kèk nan san ofrann peche a sou kote lotèl la, e rès san an va koule degoute nan baz lotèl la. Li se yon ofrann peche.
也把些赎罪祭牲的血弹在坛的旁边,剩下的血要流在坛的脚那里;这是赎罪祭。
10 Dezyèm nan, li va, answit, prepare kòm yon ofrann brile selon òdonans lan. Epi prèt la va fè ekspiyasyon nan non li menm pou peche ke li te komèt la, e li va vin padone.
他要照例献第二只为燔祭。至于他所犯的罪,祭司要为他赎了,他必蒙赦免。
11 “‘Men si mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a. Li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche.
“他的力量若不够献两只斑鸠或是两只雏鸽,就要因所犯的罪带供物来,就是细面伊法十分之一为赎罪祭;不可加上油,也不可加上乳香,因为是赎罪祭。
12 Li va pote li bay prèt la, e prèt la va pran men plen de li kòm yon pati komemoratif, pou ofri li nan lafimen sou lotèl la, avèk ofrann bay SENYÈ a pa dife. Li se yon ofrann peche.
他要把供物带到祭司那里,祭司要取出自己的一把来作为纪念,按献给耶和华火祭的条例烧在坛上;这是赎罪祭。
13 Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan peche ke li te komèt soti nan youn nan sila yo, e sa va padone li. Konsa, rès la va vin pou prèt la menm jan ak ofrann sereyal la.’”
至于他在这几件事中所犯的罪,祭司要为他赎了,他必蒙赦免。剩下的面都归与祭司,和素祭一样。”
14 Answit SENYÈ a te pale avèk Moïse e t ap di:
耶和华晓谕摩西说:
15 “Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktiyè a kòm yon ofrann koupabilite.
“人若在耶和华的圣物上误犯了罪,有了过犯,就要照你所估的,按圣所的舍客勒拿银子,将赎愆祭牲—就是羊群中一只没有残疾的公绵羊—牵到耶和华面前为赎愆祭;
16 Li va peye pou peche ke li te fè kont bagay sen an, e li va mete sou li yon senkyèm pati anplis pou pote bay prèt la. Prèt la, alò va fè ekspiyasyon pou li avèk belye a ofrann koupabilite a, e Li va padone.
并且他因在圣物上的差错要偿还,另外加五分之一,都给祭司。祭司要用赎愆祭的公绵羊为他赎罪,他必蒙赦免。
17 “Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li.
“若有人犯罪,行了耶和华所吩咐不可行的什么事,他虽然不知道,还是有了罪,就要担当他的罪孽;
18 Li dwe, alò, pote bay prèt la yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan tò li ladann li te fè peche san movèz entansyon, e pa t konnen sa a, e li va padone.
也要照你所估定的价,从羊群中牵一只没有残疾的公绵羊来,给祭司作赎愆祭。至于他误行的那错事,祭司要为他赎罪,他必蒙赦免。
19 Li se yon ofrann koupabilite. Sètènman, li koupab devan SENYÈ a.”
这是赎愆祭,因他在耶和华面前实在有了罪。”