< Jeremi 48 >

1 Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.
Of Moab. Thus saith the LORD of hosts, the God of Israel: Woe unto Nebo! for it is spoiled; Kiriathaim is put to shame, it is taken; Misgab is put to shame and dismayed.
2 Pa genyen lwanj pou Moab ankò. Nan Hesbon, yo te fè plan pou malè li: ‘Vini, annou koupe retire l nèt pou l pa menm yon nasyon ankò!’ Nou menm tou, Madmen, va vin an silans. Nepe a va swiv nou.
The praise of Moab is no more; in Heshbon they have devised evil against her: 'Come, and let us cut her off from being a nation.' Thou also, O Madmen, shalt be brought to silence; the sword shall pursue thee.
3 Bri a gwo kri k ap sòti Choronaïm; ravaj ak gwo destriksyon!
Hark! a cry from Horonaim, spoiling and great destruction!
4 Moab fin kraze. Pitit li yo te fè yon kri detrès.
Moab is destroyed; her little ones have caused a cry to be heard.
5 Paske akote pant ki monte vè Luchith la, yo va monte avèk kri san rete. Paske nan pant ki desann kote Choronaïm nan, yo te tande gwo kri ak doulè akoz destriksyon an.
For by the ascent of Luhith with continual weeping shall they go up; for in the going down of Horonaim they have heard the distressing cry of destruction.
6 Chape poul nou, sove lavi nou, pou nou ka tankou yon bayawonn nan dezè a.
Flee, save your lives, and be like a tamarisk in the wilderness.
7 Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.
For, because thou hast trusted in thy works and in thy treasures, thou also shalt be taken; and Chemosh shall go forth into captivity, his priests and his princes together.
8 Yon destriktè va vini nan chak vil, pou pa gen vil ki chape; vale a, anplis, ap detwi, e wo plèn nan va detwi, jan SENYÈ a te pale a.
And the spoiler shall come upon every city, and no city shall escape; the valley also shall perish, and the plain shall be destroyed; as the LORD hath spoken.
9 Bay zèl a Moab, paske li va sove ale; epi vil pa li yo va vin yon dezè, san moun ki pou rete ladan yo.
Give wings unto Moab, for she must fly and get away; and her cities shall become a desolation, without any to dwell therein.
10 “Malè a sila ki fè travay SENYÈ a ak neglijans, e malè a sila ki anpeche nepe l vèse san.
Cursed be he that doeth the work of the LORD with a slack hand, and cursed be he that keepeth back his sword from blood.
11 “Moab te alèz depi nan jenès li; anplis, li pa t janm deranje. Tankou diven ki rete nan boutèy orijinal, ki pa t vide de veso a veso, nonplis li pa t janm ale an egzil. Akoz sa, li kenbe bon gou li, ni odè li pa chanje.
Moab hath been at ease from his youth, and he hath settled on his lees, and hath not been emptied from vessel to vessel, neither hath he gone into captivity; therefore his taste remaineth in him, and his scent is not changed.
12 Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va voye kote li sila ki chavire bato yo e yo va chavire li, yo va vide veso li yo e kraze tout bokal li yo.
Therefore, behold, the days come, saith the LORD, that I will send unto him them that tilt up, and they shall tilt him up; and they shall empty his vessels, and break their bottles in pieces.
13 Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan lakay Israël te wont pou Béthel, konfyans pa yo.
And Moab shall be ashamed of Chemosh, as the house of Israel was ashamed of Beth-el their confidence.
14 “Kòman nou ka di: ‘Nou se vanyan gèrye e moun plen kouraj pou batay’?
How say ye: 'We are mighty men, and valiant men for the war'?
15 Moab fin detwi nèt, e moun fin monte kote vil li yo; anplis, jenn mesye pi chwazi li yo fin tonbe nan gwo masak,” deklare Wa a, ki pote non a SENYÈ dèzame yo.
Moab is spoiled, and they are gone up into her cities, and his chosen young men are gone down to the slaughter, saith the King, whose name is the LORD of hosts.
16 “Gwo dega Moab la prèt pou rive e malè li va chofe rive vit.
The calamity of Moab is near to come, and his affliction hasteth fast.
17 Fè dèy pou li, nou menm tout ki antoure li, menm nou menm tout ki te konnen non li, di: ‘Gade kijan gwo fòs baton wayal la fin kase, yon baton ki te tèlman bèl!’
Bemoan him, all ye that are round about him, and all ye that know his name; say: 'How is the strong staff broken, the beautiful rod!'
18 O fi ki rete Dibon an, “Desann kite glwa ou pou vin chita sou tè sèk; paske destriktè Moab la te vin kont ou. Li te detwi sitadèl ou yo.
O thou daughter that dwellest in Dibon, come down from thy glory, and sit in thirst; for the spoiler of Moab is come up against thee, he hath destroyed thy strongholds.
19 Kanpe akote wout la pou veye, O moun ki rete Aroër. Mande gason ‘ki moun ki sove ale a’? E fi a ‘ki moun ki chape poul li a’? Mande: ‘Kisa ki te pase?’
O inhabitant of Aroer, stand by the way, and watch; ask him that fleeth, and her that escapeth; say: 'What hath been done?'
20 Moab fin fè wont nèt, paske li fin kraze nèt. Fè gwo kri, rele anmwey! Deklare akote Rivyè Arnon an ke Moab te fin detwi.
Moab is put to shame, for it is dismayed; wail and cry; tell ye it in Arnon, that Moab is spoiled.
21 Jijman fin rive sou plèn nan tou, sou Holon, sou Jahats e kont Méphaath,
And judgment is come upon the country of the Plain; upon Holon, and upon Jahzah, and upon Mephaath;
22 Sou Dibon, sou Nebo, sou Beth-Diblathaïm,
and upon Dibon, and upon Nebo, and upon Beth-diblathaim;
23 Sou Kirjathaïm sou Beth-Gamul, sou Beth-Meon,
and upon Kiriathaim, and upon Beth-gamul, and upon Beth-meon;
24 Sou Kerijoth, sou Botsra, sou tout vil nan peyi Moab yo, ni lwen, ni pre.
and upon Kerioth, and upon Bozrah, and upon all the cities of the land of Moab, far or near.
25 Kòn Moab te fin koupe nèt e bra li te fin kase,” deklare SENYÈ a.
The horn of Moab is cut off, and his arm is broken, saith the LORD.
26 “Fè l vin sou, paske li te plen ògèy anvè SENYÈ a. Pou sa, Moab va vire tounen nan vomisman li, e anplis, li va vin yon rizib pou tout moun ka ri.
Make ye him drunken, for he magnified himself against the LORD; and Moab shall wallow in his vomit, and he also shall be in derision.
27 Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.
For was not Israel a derision unto thee? Was he found among thieves? For as often as thou speakest of him, thou waggest the head.
28 Kite vil yo pou rete nan kav wo yo, O moun Moab yo! Fè tankou toutrèl ki fè nich li dèyè bouch gwo kav yo.
O ye that dwell in Moab, leave the cities, and dwell in the rock; and be like the dove that maketh her nest in the sides of the pit's mouth.
29 “Nou konn tande afè ògèy Moab la. Li vrèman ògeye nan ensolans li, ògèy li, awogans kè li, ak leve pwòp tèt li byen wo.
We have heard of the pride of Moab; he is very proud; his loftiness, and his pride, and his haughtiness, and the assumption of his heart.
30 Mwen konnen gwo kòlè li,” deklare SENYÈ a: “Men sa initil; gwo ògèy li a pa reyisi anyen.
I know his arrogancy, saith the LORD, that it is ill-founded; his boastings have wrought nothing well-founded.
31 Pou sa, mwen va rele anmwey pou Moab, menm pou tout Moab mwen va rele fò. Mwen va plenyen ak tristès pou mesye a Kir-Hérès yo.
Therefore will I wail for Moab; yea, I will cry out for all Moab; for the men of Kir-heres shall my heart moan.
32 Plis ke kriye pou Jaezer, mwen va kriye pou ou, O chan rezen Sibma a. Chan rezen nou yo te lonje rive lòtbò lanmè a. Yo te rive nan lanmè Jaezer a. Sou fwi gran sezon ak rekòlt rezen nou, destriktè a vin tonbe.
With more than the weeping of Jazer will I weep for thee, O vine of Sibmah; thy branches passed over the sea, they reached even to the sea of Jazer; upon thy summer fruits and upon thy vintage the spoiler is fallen.
33 Konsa, lajwa ak kè kontan vin retire nan chan plen ak fwi a, menm nan Moab. Epi Mwen te fè diven vin sispann nan pèz diven yo. Pèsòn p ap foule yo ak gwo kri. Kri ki genyen, se ke pa gen kriye menm.
And gladness and joy is taken away from the fruitful field, and from the land of Moab; and I have caused wine to cease from the winepresses; none shall tread with shouting; the shouting shall be no shouting.
34 Soti nan gwo kri Hesbon an, menm rive Élealé, menm nan Jahats, yo te leve vwa yo, soti Tsoar, jis rive Choronaïm, jiska Églath-Schelischija; paske dlo a Nimrim yo va anplis vin dezole.
From the cry of Heshbon even unto Elealeh, even unto Jahaz have they uttered their voice, from Zoar even unto Horonaim, a heifer of three years old; for the Waters of Nimrim also shall be desolate.
35 M ap fè Moab fini nèt”, deklare SENYÈ a: “Sila ki ofri sakrifis sou wo plas yo e sila ki brile lansan a dye li yo.
Moreover I will cause to cease in Moab, saith the LORD, him that offereth in the high place, and him that offereth to his gods.
36 Akoz sa, kè M kriye pou Moab tankou flit; kè M kriye tou pou mesye Kir-Hérès yo. Akoz yo te pèdi tout abondans li te konn pwodwi.
Therefore my heart moaneth for Moab like pipes, and my heart moaneth like pipes for the men of Kir-heres; therefore the abundance that he hath gotten is perished.
37 Paske tout tèt vin chòv e tout bab vin koupe kout; genyen blesi sou tout men yo ak twal sak sou kwis.
For every head is bald, and every beard clipped; upon all the hands are cuttings, and upon the loins sackcloth.
38 Sou tout twati a Moab yo ak nan lari yo, se lamantasyon tout kote; paske mwen te kraze Moab kon yon veso san valè,” deklare SENYÈ a.
On all the housetops of Moab and in the broad places thereof there is lamentation every where; for I have broken Moab like a vessel wherein is no pleasure, saith the LORD.
39 “A la kraze li kraze! Yo te rele anmwey. Gade kijan Moab te vire do li—li vin wont nèt! Konsa, Moab va vin yon rizib ak yon objè degoutan a tout moun ki antoure li yo.”
'How is it broken down!' wail ye! 'How hath Moab turned the back with shame!' So shall Moab become a derision and a dismay to all that are round about him.
40 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, li va vole rapid tankou èg e lonje zèl li ouvri kont Moab.
For thus saith the LORD: Behold, he shall swoop as a vulture, and shall spread out his wings against Moab.
41 Kerijoth te fin kaptire e sitadèl yo te vin pran. Kè a mesye pwisan Moab yo nan jou sa a, va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.
The cities are taken, and the strongholds are seized, and the heart of the mighty men of Moab at that day shall be as the heart of a woman in her pangs.
42 Moab va detwi jiskaske li vin pa yon pèp ankò, akoz li te vin awogan anvè SENYÈ a.
And Moab shall be destroyed from being a people, because he hath magnified himself against the LORD.
43 Gwo laperèz devan twou fòs, ak pèlen ap vini sou nou, O moun Moab yo,” deklare SENYÈ a.
Terror, and the pit, and the trap, are upon thee, O inhabitant of Moab, saith the LORD.
44 “Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la e sila ki monte sòti nan fòs la, va kenbe nan pèlen an; paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab, ane a pinisyon yo”, deklare SENYÈ a.
He that fleeth from the terror shall fall into the pit; and he that getteth up out of the pit shall be taken in the trap; for I will bring upon her, even upon Moab, the year of their visitation, saith the LORD.
45 “Nan lonbraj Hesbon, mesye ki chape yo rete san fòs; paske dife a parèt sòti nan Hesbon, yon flanm soti nan mitan Sihon e li te devore fwontèn tèt a Moab ak zo bwa tèt mò a banbochè yo.
In the shadow of Heshbon the fugitives stand without strength; for a fire is gone forth out of Heshbon, and a flame from the midst of Sihon, and it devoureth the corner of Moab, and the crown of the head of the tumultuous ones.
46 Malè pou ou, Moab! Pèp Kemosch la fin peri; paske fis nou yo vin prizonye e fi nou yo ale an kaptivite.
Woe unto thee, O Moab! The people of Chemosh is undone; for thy sons are taken away captive, and thy daughters into captivity.
47 “Malgre sa, Mwen va restore Moab nan dènye jou yo,” deklare SENYÈ a. Jiska prezan, jijman an rive sou Moab.
Yet will I turn the captivity of Moab in the end of days, saith the LORD. Thus far is the judgment of Moab.

< Jeremi 48 >