< Deteronòm 5 >

1 Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon.
Moses kaldte hele Israel sammen og sagde til dem: Hør, Israel, de Anordninger og Lovbud, som jeg kundgør eder i Dag! Lær dem og hold dem omhyggeligt.
2 SENYÈ a, Bondye nou an, te fè yon akò avèk nou nan Horeb.
HERREN vor Gud sluttede en Pagt med os ved Horeb.
3 SENYÈ a pa t fè akò sa a avèk zansèt nou yo, men avèk nou, nou tout ki vivan isit la jodi a.
Det var ikke med vore Fædre, HERREN sluttede den Pagt, men med os, vi, der i Dag er her til Stede, alle vi, der er i Live.
4 “SENYÈ a te pale fasafas avèk nou nan mòn nan soti nan mitan dife a,
Ansigt til Ansigt talede HERREN med eder på Bjerget ud fra Ilden.
5 pandan mwen te kanpe devan SENYÈ a ak nou menm, nan tan sa a, pou deklare a nou pawòl a SENYÈ a. Paske nou te pè akoz dife a, e nou pa t monte nan mòn nan. Li te di:
Jeg stod dengang som Mellemmand mellem HERREN og eder og kundgjorde eder HERRENs Ord; thi I var bange for Ilden og turde ikke stige op på Bjerget.
6 ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.
Han sagde: Jeg er HERREN din Gud, som førte dig ud af Ægypten, af Trællehuset.
7 ‘Nou pa pou gen lòt dye devan Mwen.
Du må ikke have andre Guder end mig.
8 ‘Nou pa pou fè pou nou menm okenn zidòl, ni okenn imaj a sila ki anwo nan syèl la, ni anba sou tè a, ni nan dlo anba tè a.
Du må ikke gøre dig noget udskåret Billede eller noget Afbillede af det, som er oppe i Himmelen eller nede på Jorden eller i Vandet under Jorden;
9 Nou pa pou adore yo ni sèvi yo; paske Mwen, SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Dye jalou, ki vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,
du må ikke tilbede eller dyrke det, thi jeg HERREN din Gud er en nidkær Gud, der indtil tredje og fjerde Led straffer Fædres Brøde på Børn af dem, som hader mig,
10 men ki montre lanmou dous a anpil milye, a sila ki renmen Mwen yo e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
men i tusind Led viser Miskundhed mod dem, der elsker mig og holder mine Bud!
11 ‘Nou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki pran non li an ven an san pinisyon.
Du må ikke misbruge HERREN din Guds Navn, thi HERREN lader ikke den ustraffet, der misbruger hans Navn!
12 ‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an.
Tag Vare på Hviledagen, så du holder den hellig, således som HERREN din Gud har pålagt dig!
13 ‘Pandan sis jou, nou va travay pou fè tout zèv nou yo,
I seks Dage skal du arbejde og gøre al din Gerning,
14 men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou.
men den syvende Dag skal være Hviledag for HERREN din Gud; da må du intet Arbejde udføre, hverken du selv, din Søn eller Datter, din Træl eller Trælkvinde, din Okse eller dit Æsel eller noget af dit Kvæg eller den fremmede inden dine Porte, for at din Træl og Trælkvinde kan hvile ud ligesom du selv.
15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti la avèk yon men pwisan, e ak bra Li ki lonje. Pou sa, SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou pou obsève jou Saba a.
Kom i Hu, at du selv var Træl i Ægypten, og at HERREN din Gud førte dig ud derfra med stærk Hånd og udstrakt Arm; det er derfor, HERREN din Gud har pålagt dig at fejre Hviledagen!
16 ‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.
Ær din Fader og din Moder, således som HERREN din Gud har pålagt dig, for at du kan få et langt Liv, og det må gå dig vel i det Land, HERREN din Gud vil give dig.
17 Nou pa pou touye moun.
Du må ikke slå ihjel!
18 Nou pa pou fè adiltè.
Du må ikke bedrive Hor!
19 Nou pa pou vòlè.
Du må ikke stjæle!
20 Nou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen nou.
Du må ikke sige falsk Vidnesbyrd imod din Næste!
21 Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’”
Du må ikke begære din Næstes Hustru. Du må ikke attrå din Næstes Hus, hans Mark, hans Træl eller Trælkvinde, hans Okse eller Æsel eller noget, der hører din Næste til!
22 “Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo.
Disse Ord talede HERREN til hele eders Forsamling på Bjerget ud fra Ilden, Skyen og Mulmet med vældig Røst uden at føje noget til; og han skrev dem op på to Stentavler og gav mig dem.
23 “Konsa, lè nou te tande vwa a soti nan mitan fènwa a, pandan mòn nan te brile avèk dife a, nou te pwoche vè mwen, tout chèf tribi nou ak ansyen nou yo.
Men da I hørte Røsten, der lød ud fra Mørket, medens Bjerget stod i lys Lue, kom I, alle Overhovederne for eders Stammer og eders Ældste, hen til mig
24 Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan.
og sagde: "Se, HERREN vor Gud har ladet os skue sin Herlighed og Storhed, og hans Røst har vi hørt ud fra Ilden; i Dag har vi oplevet, at Gud kan tale med Mennesker, uden at de dør.
25 “Alò, poukisa nou ta dwe mouri? Paske gran dife sila a va brile nou. Si nou tande vwa SENYÈ a toujou, alò, nou va mouri.
Men hvorfor skal vi dø? Thi denne vældige Ild vil fortære os; hvis vi skal blive ved at høre på HERREN vor Guds Røst, må vi dø!
26 Paske se kilès ki fèt avèk chè ki tande vwa a Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife a, tankou nou, e ki viv?
Thi hvilken dødelig har nogen Sinde som vi hørt den levende Guds Røst ud fra Ilden og levet?
27 Ou menm ale touprè Li pou tande tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an pale nou, e nou va tande sa pou nou fè.”
Træd du hen og hør alt, hvad HERREN vor Gud siger; siden skal du så sige os alt, hvad HERREN vor Gud taler til dig, og vi skal høre det og gøre derefter."
28 “SENYÈ a te tande vwa a pawòl nou yo lè nou te pale avèk mwen, epi SENYÈ a te di mwen: ‘Mwen te tande vwa a pawòl a pèp sa a, ke yo te pale ak ou yo. Yo te fè byen nan sa ke yo te pale yo.
Og da HERREN hørte, hvorledes I talte til mig, sagde han til mig: "Jeg har hørt, hvad dette Folk siger til dig, og alt, hvad de har sagt til dig, er ret;
29 O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan.
gid de alle Dage må have et sådant Hjerte, at de frygter mig og holder alle mine Bud, for at det må gå dem og deres Børn vel evindelig.
30 Ale di yo: “Retounen nan tant nou”.
Gå derfor hen og byd dem at vende tilbage til deres Telte;
31 Men pou ou menm, kanpe isit la akote Mwen, pou Mwen kapab pale avèk ou tout kòmandman yo, lwa yo avèk jijman ke nou va montre yo pou yo kapab swiv yo nan peyi ke Mwen bay yo pou posede a.’
men bliv du stående her hos mig, så skal jeg kundgøre dig alle Budene, Anordningerne og Lovbudene, som du skal lære dem, og som de skal holde i det Land, jeg vil give dem i Eje!"
32 “Pou sa, nou va swiv e fè ojis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an. Nou pa pou vire ni adwat, ni agoch.
Gør derfor omhyggeligt således, som HERREN eders Gud har pålagt eder, uden at vige til højre eller venstre;
33 Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a.
følg altid den Vej, som HERREN eders Gud har pålagt eder at gå, at I kan blive i Live og få det godt og leve længe i det Land, I skal tage i Besiddelse!

< Deteronòm 5 >