< Travay 12 >
1 Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo.
Zizan, wieiweire ni nton wa Herod, kikle chu'a a saa wo nitu biwa ba bi ikklissiya ba, nitu du vu ba tiiya.
2 Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.
A wuu Yakubu vayi Yohana ni Takobi.
3 Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo.
Hu gon wa ato ndi kima a biya ni Yahudawa ba, a hon hi ka vu Bitrus ngame. Kima a he ni ba vi wu bredi wandi ba klan hamma ni du sa nda en na.
4 Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon apre Pak la, pou mennen l devan pèp la.
Niwa a vuulo'a, a njiwu ka tro ni kotro, ni wo sojoji nklan nza du ba mla ya; a ta son ndji wa ani njiwu rjuye nu ndji hu kle igan-u nigra.
5 Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.
Toki, ba tro Bitrus zi ni tra tro, ama biwa ba bi ekklisiya ba kri gbangban ni bre Irji ni tu ma.
6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
Nichu wa mble ka nhran hu'a, Herod anata chu rjuye duba bla tre nituma, Bitrus a sia kruna ni tsutsu sojoji harhi, nimi lo ni sraka harhi, ni bi gben ni nyu nkontra ni duba mla ta ya nkontra'a.
7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!” Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
Mle, Maleka Bachi a lu kri tanwrhu, ikpan lu ri nda kri bwu tra wu ko tro'a, ndu ku wrhu Bitrus ni kosan nda ta'u sh'me ni nna'a nda hlawu ndi, “Lukri gbagbla,” u sraka'a ba ju kuhle rjini woma.
8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”
Maleka a hlawu ndi, “Lo kpame ni vu lagban wu zame sru.” Bitrus a tie toki. Maleka a hlawu ndi “Vu nklon me wu kora'a sru ni hume.”
9 Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè.
Niki, Bitrus a hu Maleka zren rju. Ana to ndi kpe wa Maleka a tia a hi njanji na. A tre ndi a si toh ni raa mu.
10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.
Niwa ba zren ka vu y'ba bi gben bi mumla, mba wu ha, nda ye ni kikle nkon karfe wu ri ni gbu'a, a bwu kikima ni bawu. Ba rju grji hu nkon wu mi gbu'a, u Maleka a kri kaado.
11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”
Niwa mren Bitrus a k'ma ye niwu, a tre ndi, “Zizan, mi mla toh wu njanji ndi Bachi yi a ton Maleka ni du ye kpame chuwo ni wo Hiridus, mba wawu kpi wa Yahudawa ba bata yo shishi ndi ba toh.”
12 Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye.
Ni mla to toki, a zren hi ni ko Maryamu iyi Yohana, wa ba yo ndi Markus ngame, niki ndji gbugbuwu bana zontu ki si bre Irji.
13 Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn.
Niwa a wrunkon wu kikle nkotra u ri ni ko'a, vivren wa wu ndu ni ko'a, wa ndema hi Ruda a ye nitu du ye kpa yo'a.
14 Lè l te rekonèt vwa Pierre a akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la.
Niwa a wo lan Bitrus nda to ndi a yi wawuyi, nitu ngyiri ana bwu nkon a na nda tsutsu ri hi nimi ko'a, nda ka hla bawu ndi Bitrus kri ni nyu nkontra wu kora.
15 Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se zanj li”.
Ba kri hlawu ndi, “Wu sran.” Ama a kri gbangban nitu a hi njanji. Ba tre ndi, “A hi ibrji ma.
16 Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone.
Ama Bitrus ana donme ni wrunko'a na, ni bwu nko mba, ba too nda kri bwunyu yo ni h'yo.
17 Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.
Bitrus a ti ba niwo duba son gbangbi, nda bla bawu nitu wa Bachi a njiwu rju ni kotro. A tre ndi, ton ba hi ni Yakubu baba mbru mri vayi ba nitu kpeyi. Mle a lu don ba nda zren hi ni buburi nkan.
18 Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.
Niwa mble a nhra, ana tsitu fime wa a ri ni mi sojoji ba na nitu ka ahi ngye ti Bitrus.
19 Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.
Hu wa Hiridus a wa nda na too na, a mye bi gben ba nda yo ba ni duba wu ba. Hu ki, a grji rji ni Judiya hi ni Caesarea nda ka son niki.
20 Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.
Zizan Hiridus a shu ni nfu ni ndji bi Tyre mba Sidon. Ba hi niwu nitu kpe riri, nda weire Blastus, wa ani zo ninkon chu'a ndu, andi du yo nyu zoba, ba mye ndi duba ki ni sikpe ni gbungblu meme wu nikon chu'a.
21 Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm.
Ni vi wa ba yo'a, Hiridus a sru nklon ma u bi chu nda son ni ruron wu tu chuma, nda lu tre ni ba.
22 Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!”
Ndji ba ba kpagro ndi, “Wayi hi lan Irji ana wu ndji na!”
23 Imedyatman yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri.
Hari me, Maleka Bachi a kri yo wru, nitu ana nu Irji ninkon na; ntson mra ba kri rhiwu wuu.
24 Men pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye.
Ama lantre Irji a si bwu bran ndani krigbu.
25 Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc.
Niki, niwa Barnabas mba Shawulu ba kle ndu zren mba, ba k'ma zren rji ni Urishelima, nda nji nha niba Yohana, wa ba yo ndi Markus