< 1 Korint 5 >
1 Anverite gen rapò ke gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.
Isibili kuzwakele ukuthi kukhona ukuphinga phakathi kwenu, futhi ukuphinga kohlobo olungaqanjwayo laphakathi kwabezizwe, kuze kuthi omunye abe lomkayise.
2 Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.
Kodwa lina liyazikhukhumeza, njalo endaweni yalokho alizange lilile, ukuze owenze lesisenzo asuswe phakathi kwenu.
3 Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan.
Ngoba mina-ke, njengongekho ngomzimba kodwa okhona ngomoya, sengiqumile ngowenze lokhu okunjalo, ngokungathi ngikhona,
4 Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,
ebizweni leNkosi yethu uJesu Kristu, selihlangene lomoya wami kanye lamandla eNkosi yethu uJesu Kristu,
5 nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.
ukunikela onjalo kuSathane ekubhubheni kwenyama, ukuze umoya usindiswe osukwini lweNkosi uJesu.
6 Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?
Kakukuhle ukuzincoma kwenu. Kalazi yini ukuthi imvubelo encinyane ibilisa inhlama yonke?
7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.
Ngakho khuphani imvubelo endala, ukuze libe yinhlama entsha, njengabangelamvubelo. Ngoba lephasika lethu lihlatshelwe thina, elinguKristu.
8 Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.
Ngakho asigcine umkhosi, kungabi ngemvubelo endala, njalo kungabi ngemvubelo yenzondo lobubi, kodwa ngesinkwa esingelamvubelo sobuqotho leseqiniso.
9 Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;
Ngalibhalela encwadini ukuthi lingahlanganyeli leziphingi;
10 Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.
kodwa kungeyisikho ngokupheleleyo leziphingi zalumhlaba kumbe lezihwaba, kumbe labaphangi, kumbe labakhonza izithombe; ngoba phela ngokunjalo kungafanela ukuthi liphume emhlabeni.
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
Kodwa khathesi-ke ngalibhalela ukuthi lingahlanganyeli, nxa umuntu ebizwa ngokuthi ungumzalwane eyisiphingi, kumbe isihwaba, kumbe okhonza izithombe, kumbe isithuki, kumbe isidakwa, kumbe umphangi; lingaze ladla lonjalo lakanye.
12 Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?
Ngoba ngilani lokwahlulela abangaphandle? Lina kalahluleli yini abangaphakathi?
13 Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.
Kodwa uNkulunkulu wahlulela abangaphandle. Njalo mxotsheni omubi asuke phakathi kwenu.