< 民數記 32 >

1 勒烏本的子孫和加得的子孫,擁有很多的家畜;他們一見雅則爾地方和基肋阿得地方,是適於畜牧的區域,
Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè teren nan Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt.
2 便前來對梅瑟和厄肋阿匝爾大司祭及會眾的首領說:「
Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te vin pale avèk Moïse ak Éléazar, prèt la, avèk chèf kongregasyon an. Yo te di yo,
3 阿塔洛特、狄朋、雅則爾、尼默辣、赫市朋、厄肋阿肋、色班、乃波和貝紅,
“Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon,
4 這些地方是上主為以色列會眾所征服的,是適於畜牧的地方,而你的僕人們正有牛羊。」
peyi ke SENYÈ a te bat devan kongregasyon Israël yo, se yon peyi ki pou pran swen bèt, e sèvitè ou yo gen bèt.”
5 他們又說:「若是我們在你眼中獲得寵幸,希望你將這地方賜給你的僕人們作產業,不必叫我們過約但河。」
Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.”
6 梅瑟回答加得的子孫和勒烏本的子孫說:「怎麼! 你們的兄弟去打仗,你們卻要住在這裡﹖
Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la?
7 為什麼你們要叫以色列的子民喪氣,使他們不敢進入上主賜給他們的土地﹖
Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a?
8 當我由卡德士巴爾乃亞派遣你們的祖先去窺探這地時,他們也這樣做過。
Se sa ke papa nou yo te fè lè mwen te voye yo sòti nan Kadès-Barnéa pou wè peyi a.
9 他們上到厄市苛耳山谷,窺探了那地方,回來就使以色列子民喪了氣,致使他們再不願進入上主賜給他們的土地。
Paske, lè yo te monte nan vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a.
10 為此上主在那天發怒起誓說:『
“Konsa, kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di:
11 凡由埃及出來過了二十歲的人,不得看見我誓許給亞巴郎、依撒格和雅各伯的土地,因為他們沒有一心一意地隨從我;
‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt,
12 只有刻納次人耶孚乃的兒子加肋布和農的兒子若蘇厄除外,因為他們一心一意地隨從了上主。』
sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’
13 因為上主對以色列發了怒,遂使他們在曠野中漂泊了四十年,直到在上主眼前作惡的那一世代完全死盡。
Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.
14 現在,看,你們這些罪人的苗裔,竟起來替代你們先人,再增加上主對以色列的忿怒!
“Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou kòlè SENYÈ a kont Israël.
15 如果你們背離了他,他再把民眾拋在曠野裡;這樣,你們就要使這整個民族毀滅了。」
Paske si nou vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.”
16 他們遂上前來,對他說:「我們願在這裡為我們的牛羊築圈,為我們的家眷建城。
Alò, yo te vin pwoche li e te di: “Nou va bati isit la pak mouton pou bèt nou yo ak vil pou pitit nou yo;
17 但我們必武裝起來,在以色列子民前頭上陣,直到我們領他們進入了自己的地方;至於我們的家眷,為預防本地的居民,應叫他們安居在堅固的城內。
men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo.
18 不到以色列子民各個都佔有了產業,我們決不回家。
Nou p ap retounen lakay nou jiskaske chak moun nan fis Israël yo gen tan posede eritaj pa yo.
19 我們既然在約但河東得到了產業,在約但河西,就不再同他們分產業了。」
Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.”
20 梅瑟答覆他們說:「若是你們這樣做,若是你們武裝起來,在上主面前作戰;
Konsa Moïse te di yo: “Si nou va fè sa, si nou va pran zam nou yo devan SENYÈ a pou fè lagè a,
21 若是你們個個都武裝著在上主面前過約但河,直到他將自己的敵人驅散,
epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain a devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li,
22 直到上主把那地征服以後,你們纔回家,你們對上主,對以色列就算無罪。那麼,這地照上主的允許,歸你們作為產業。
epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a.
23 但是,如果你們不這樣去做,你們必獲罪於上主,要知道你們必自招罪罰。
“Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke peche nou va vin jwenn nou.
24 你們可為家眷建城,為牛羊築圈;但是你們口頭所許的,卻必要實踐。」
Bati pou nou menm gran vil pou pitit nou yo, pak pou mouton nou yo, e fè sa ke nou te pwomèt yo.”
25 加得的子孫和勒烏本的子孫回答梅瑟說:「你僕人們必照我主所吩咐的去做。
Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te pale avèk Moïse. Yo te di: “Sèvitè ou yo va fè ojis sa ke mèt mwen kòmande yo a.
26 我們的孩童、婦女、牛羊和一切牲畜,都留在這裡,留在基肋阿得的城裡;
Pitit nou yo, madanm nou yo, ak bèt nou yo va rete nan vil Galaad yo;
27 至於你的僕人們,凡武裝起來的,都要過河,在上主面前上陣作戰,如我主所吩咐的。」
pandan sèvitè ou yo, chak ki gen zam pou fè lagè, va travèse lòtbò nan prezans SENYÈ a pou batay la, jis jan ke mèt mwen pale.”
28 梅瑟遂為他們向大司祭厄肋阿匝爾、農的兒子若蘇厄,以及以色列子民各支派的家長下了指示,
Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo.
29 向他們說:「若是加得子孫和勒烏本子孫,都武裝起來與你們同過約但河,在上主面前作戰,在你們征服那地以後,就把基肋阿得地方給他們作為產業。
Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon.
30 但是,如果他們不武裝起來同你們一起過河,就應在客納罕地與你們同分產業。」
Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.”
31 加得子孫和勒烏本子孫回答說:「凡上主關於你僕人所說的,我們必照做。
Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te reponn e te di: “Jan SENYÈ a te pale a sèvitè ou yo, konsa nou va fè.
32 我們必武裝起來在上主面前過河,往客納罕地去;但約但河東的地方應給我們作產業。」
Nou menm, nou va travèse lòtbò avèk zam yo nan prezans SENYÈ a, nan peyi Canaran, e posesyon eritaj nou va rete avèk nou lòt kote Jourdain an.”
33 梅瑟遂將阿摩黎人王息紅的國土和巴商王敖格的國土,那地域及其境內的城池,以及那地域四周的城池,都給了他們;給了加得的子孫、勒烏本的子孫和若瑟的兒子默納協半支派。
Konsa, Moïse te bay yo, fis a Gad avèk fis a Ruben yo, mwatye tribi fis a Joseph la, Manassé, wayòm a Sihon, wa a Amoreyen yo, wayòm a Og la, wa a Basan an, peyi a avèk vil pa yo, teritwa pa yo, vil a teritwa ki te antoure yo.
34 加得的子孫重建了狄朋、阿塔洛特、阿洛厄爾、
Fis a Gad yo te bati Dibon avèk Ataroth ak Aroër,
35 阿特洛特芍番、雅則爾、約革波哈、
Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha,
36 貝特尼默辣和貝特哈蘭:這些都是堅固的城邑,並築有羊圈。
Beth Nimra avèk Beth Haran, kòm vil byen fòtifye ak pak pou mouton.
37 勒烏本的子孫重建了赫市朋、厄肋阿肋、克黎雅塔因、
Fis a Ruben yo te bati Hesbon, Elealé, avèk Kirjathaïm,
38 乃波、巴爾默紅──有些名字已改──和息貝瑪;他們給重建的城邑另取了別名。
Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo.
39 默納協的兒子瑪基爾的子孫去了基肋阿得,佔據了那地方,驅逐了那裡的阿摩黎人。
Fis a Makir yo, fis a Manassé yo te ale Galaad pou te pran li, e yo te deplase Amoreyen ki te rete ladann yo.
40 梅瑟遂將基肋阿得給了默納協的兒子瑪基爾;他就在那裡住下了。
Konsa, Moïse te bay Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann.
41 默納協的兒子雅依爾去佔據了阿摩黎人的村落遂稱這些村落為哈沃特雅依爾。
Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr.
42 諾巴黑去佔據了刻納特及其屬鎮,給那地方起了自己的名字,叫諾巴黑。
Nobach te ale pran Kenath avèk vil pa li yo, e li te rele li Nobach selon pwòp non pa li.

< 民數記 32 >