< Псалми 57 >
1 За първия певец, по не разорявай. Песен на Давида, когато побягна от Сауловото лице в пещерата. Смили се за мене, о Боже, смили се за мене, Защото при Тебе прибягва душата ми; Да! Под сянката но Твоите крила ще прибягна, Докато преминат тия бедствия.
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.
2 Ще викам към Всевишния Бог, Към Бога, Който действува за мене.
M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.
3 Ще прати от небесата и ще ме избави, Когато ме укорява оня, който иска да ме погълне. (Села) Бог ще изпрати милостта Си и истината Си.
L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li.
4 Душата ми е всред лъвовете; Лежа между пламнали човеци, Между човешки чада, чиито зъби са копия и стрели, И чиито език е остър меч.
Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.
5 Възнеси се, Боже, над небесата; Славата Ти нека бъде по цялата земя.
Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
6 Мрежи приготви за стъпките ми; Душата ми се е навела; Изкопаха пред мене яма; Те сами паднаха всред тия. (Села)
Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li.
7 Непоколебимо е сърцето ми, Боже, непоколебимо е сърцето ми; Ще пея, а ще славословя.
Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.
8 Събуди се, душе моя; Събуди се, псалтирю и арфо; сам аз ще се събудя на ранина.
M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve!
9 Ще те хваля, Господи, между племената; Ще те славословя между народите.
Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
10 Защото Твоята милост е велика дори до небесата. И Твоята вярност до облаците.
Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.
11 Възнеси се, Боже, над небесата; Славата Ти нека бъде по цялата земя.
Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!